#1

12 0 0
                                    

          Tout sa m te toujou bezwen se te viv nan yon gran vil. Depi m tou piti, alepòk moun te konn sèvi ak abajou, bagay sa te la, nan kalbas tèt mwen. Menm si se ta pou yon moman, 2-3 jou, kèk semèn, yon mwa... Tan pou m ta omwen gentan fon eksperyans. Yon kote ki te gen non, ki te gen moun, brèf, yon kote tout moun te konnen. Tankou lè nou pran Okap, Gonayiv, Okay, Lenbe, Jeremi, Wanament... Pòtoprens.

Non m se Dyemèsi Michèl, m se moun pwovens, lakanpay, nan yon kote ki rele Nan Delabre, nan zòn Djondjon, seksyon kominal nan komin Janrabèl. Kidonk, pou yon pèsonaj tankou m, ki pat nan manje lasibab pyès moun, ki menm sanble te vin fè ti sale sou tè a, gran vil yo ansanm ak tout latriye bagay yo te genyen yo te kite atiran dèyè. Se de seri de bagay ki pat konn manke leve chalè pwatray nou menm ki nan fon andeyò yo.

Kidonk, lè n tande yon abitan pase nan jan de vil sa yo, epi l te rantre nan bouk la, moun te sou deran konsa ap tande lodyans li te gen pou l bay yo. Li te gen pou l pale de depi se mezi tchanpan li te wè kote l te ale a ; depi sou abako l te konn kwaze yo rive menm sou sila ki te bandonnen tèt yo. Fòk li te rakonte tout ti sa l te viv yo nèt ! M te toujou konn ap mande tèt mwen pouki moun sa yo te konn jèbèdè konsa.

Men se vre ! Sa k te gen nan Miragwàn konsa ke nou pa ta ka jwenn nan Djondjon, nan Janrabèl ? Sa k te gen nan Okap ak Pòtoprens konsa ?

Men, pou m onèt avèk nou, se te de seri de kesyon m tap poze tèt mwen pou fè kòmsi lide lòt kote sa yo pat ebranle m. Epoutan ! Se manje kiryozite tap manje m. Achak fwa yon moun te sòti epi rantre nan bouk la, menm lè vwayaj yo pat abapri, se tankou m te toujou ap veye kisa lap gen pou l rapòte, annaprè pou m tal fè imajinasyon m fè rès travay lan.

Sèlman, depi kèk tan, malgre bon jan sekirite te tabli nan peyi a aprè pasaj Kenyon yo... Kenyen ? Kenya ? Kenyan ? Wi, Kenyan yo... M pa ras yo, m pa jenerasyon yo, m pa eritye yo. Wi, malgre blan yo te fin pase nan peyi a, gen nan vil sa yo moun pat fè foli pou yo ankò. Kote sa yo te vrèman twomatize abitan yo, pou jan nivo ensekirite an te gentan jayi nan yo, tankou se djèp ki gen foli fè siwo.

Answit, gen anpil nan yo ki te sòti viktim de malveyans zenglendo yo, ki te fè sèman yo pap janm tounen nan zòn sa yo ankò. Kanta pou mwen menm, m te toujou gen anvi vizite zòn sa yo, malgre tout detay sa yo, anvi konnen an te toujou la nan lide m.

Te vin rive yon lè, m te vin jwenn opòtinite pou m reyalize dezi m nan. Pa gen anyen k te ka fè m kite sa pase, malgre tout danje sa te ka gen ladan !

🐍🐍🐍🐍🐍

          A senkannsenk lane m nan, m te djanm toujou, se pat nenpòt bagay ki te ka abat mwen. Kòm mwen te vin nan yon move detrès depi aprè lanmò matant mwen an, ki te sèl veritab abdenwèl mwen sou latè, m te kòmanse ap chèche yon bon degaje pou m te ka sòti trip mwen. Te gen yon bon sèvitè ki te di m li te jwenn yon djòb pou mwen.

Map tou fè nou konn sa ; mwen se yon spesyalis nan fè kousen machin, kanape, sofa, elatr. Djòb la se te pou yon otèl ki te fenk fèt, livrezon an te tèlman anpil, m te oblije disponib nan espas lan pandan yon moman. Yo pat dakò pou m te fin fè yo answit pou m te fè yo rantre nan kapital lan, sa ki tap plis nan avantaj mwen, dayè. Yo te gendwa pat fin fè wout yo twòp konfyans tou.

Sa te vin lakoz mwen te oblije rantre Pòtoprens, paske se la otèl la te chita.
Menm si se te yon djòb kote kontra a pat twò byen detèmine, omwen m te konnen sa ta pral pèmèt mwen viv kèk eksperyans nan lakou Pòtoprens, kè peyi a.

Depi tikatkat, m tap plede tande pale de kote konsa. Mant Lawoz te toujou konn ap di : « Pòtoprens ! Ay pititanwen ! Si w mouri san w pa al la, yap voye w tounen kanmenm, al viv sa w gen pou w viv anvan w mouri. »

Vous avez atteint le dernier des chapitres publiés.

⏰ Dernière mise à jour : Sep 26 ⏰

Ajoutez cette histoire à votre Bibliothèque pour être informé des nouveaux chapitres !

NXUVÈL HAYTIEN #1Où les histoires vivent. Découvrez maintenant