SophonieLaurore
- Reads 1,176
- Votes 139
- Parts 31
" LAGÈ FANM "
Fanm se poto mitan , yo gen yon pakèt enpòtans menm si se pa tout moun ki vle ba yo respè
Gason ak fanm youn bezwen lòt , yo youn konplete lòt paske majorite moun konn ki valè efò kap fèt nan mond lan pou pwouve ke pa gen diferans ant yo vrèman .
Ke fanm tankou gason egal .
Anpil ap jwe wòl manman ak papa an mèm tan , yo chak gen kwa pa yo yap pote , yo chak deside viv lavi yo yon fason , fòk nou pa jije yo , nou dwe yo anpil respè , se nan respè youn pou lòt tou pou nou avanse .
Jan tout fanm merite respè , gason yo tou merite respè .
" LAGÈ FANM " se yon istwa ki pral pale de reyalite fanm ak gason nan sosyete nou an , m ka di reyalite an jeneral m pa konn kote istwa sa pral ateri menm swete nap pran tout plezi nou pou nou li li
👑🖊❤❤🖊👑