Apre'w fin pase tout relasyon santimantal sa yo, ni sak te fè'w kontan ni sak te fè'w kriye. Ou vin ka fè diferans ant gaspiye tan avèk pran pasyans ak yon moun ki poko pare, ou vin konprann ke foure kòw nan yon relasyon pa vle di ke wap ere, konsa tou viw pa oblije malere siw selibatè, ou vin konprann lè'w trò posesif ou fasil detui menm sa w'ap redi konstui a. Ou kòmanse dakò ke avèk ou san menaj ou dwe kontinye avanse lavi pat fini kote yo te kitew la. Ou admèt ke gen yon seri de bagay ki te konn rive gen seri de tenten ou te konn pran nan men moun se paske'w te timoun e ou mobilize'w pou bagay sa yo pa repete ankò. Ou vin konnen kè'w pa yon pil fatra ou pap tann yon moun vin ranmase'w ou trase prop chemenw, ou pa tann moun pote flè pou ou ankò ou plante prop jaden'w. Ou vin konnen ke'w vo plis ke lò ak dyaman ou sispann kite moun lote'w tankou mango nan mache. Ou aprann ou konprann ou grandi.All Rights Reserved