12 parts Complete Se istwa yon jèn tifi ki rele Nadia Bosco, Li gen 17ans e li ap fè filo. Kòm manmanl pat vle poul soti yon vye moun, paske se sèl li menm li genyen kòm pitit, e li wè tout ti jèn fi nan zone nan ap fè pitit, li voyel potoprens kay pitit yon gran sèl ki rele Tacha.
Nadia se yon bèl tifi, entèlijant e trè obeyisant. Avanl ale, manmanl serel nan bral e li fèl sonje pou li pa janm bliye kibò li soti ak kibò li toujou rive. Se ak dlo nan je Nadia rive kite manmanl, Yvonne, pou li antre vinn potoprens.