Dis Rezon Ki Pèmèt Yon Fanm...
Bonjou lemond bonjou lasosyete,bonjou tout moun bonjou pou chak grenn moun. Yon gwo bonjou tou pou chak moun ki pral li avèk nou gwo bout tonton verite sila.
Anvan menm nou kòmanse,n'ap koube nou byenba douvan tout fanm alawonnbadè,tout sa k' serye tankou sa k' pa serye,tout sa k'ap pran pòz serye pandansetan ki pa serye. E sitou ak sila yo ki pote siyati Ayisyèn.
Jodia menm,nan lide pou nou vin eklèsi w' sou fenomèn ki pote non <Pèlenrizasyon an>. Sa nan bon kreyòl vilgè Ayisyen an,nou rele "Bouzen an",nou pote pou ou 10 Rezon ki Pèmèt yon fanm...
Mezanmi o! Se vre wi,men anvan menm nou te resi jwenn 10 rezon sila yo,se pat youn de ak twa kout asomoloko nou te di. Se pat yon tikras plenyen nou te mache plenyen tou nan pye yon latriye ansyen dayila doupendoup. Kidonk,nou t'ap jofre rèv la depi kèp jou,men tankou yo toujou di l' nan pwovèb kreyòl la "Ak pasyans nou te resi jwenn trip foumiy".