Lyana ak Ker te toujou kwè amitye yo se pi gwo fòs yo. Yo te grandi ansanm, yo te pataje tout rèv yo, e yo te panse yo te konnen youn lòt nèt. Men, lè Lyana marye ak Steevy, yon nonm ki gen yon vizaj zanj men ki kache yon kè nwa, lavi li tounen yon prizon kote vyolans ak manipilasyon ap taye banda.
Nan ombre trayizon sa a, Kerry oblije fè yon chwa difisil : èske l ap rete kòm yon senp zanmi k ap gade bèlte lavi l ap fennen, oswa èske l ap riske pwòp lavi l pou l sove moun li toujou renmen an sekrè a?
Ant yon mari ki prèt pou l fè nenpòt krim pou l kenbe kontwòl li, ak yon zanmi ki pare pou l sakrifye tout bagay pa lanmou, Lyana pral dekouvri ke pafwa, pi gwo verite yo kache dèyè mo nou pa janm oze di yo.
Otè: Mystergus
Edite ak Korije pa : Jerry Gustanar aka Jergus
Cover : Gemini AI
All Rights Reserved