AKRA

111 6 2
                                    

         Epizod 2 AKRA DE LA POETESSE ADELINE

Carline pouse pot la San frape secretaire la pat ka fe anyen

Jose: pa enkyetew madmwazel malie Mesi al kontinye travay ou
Malie vire li al kontinye travay li

Carline pran lapawol
Carline: 2 mòn pa konn kontre men nou kontre saw we baz
Jose:ou fin pale siw fin pale kite biwo a stp j'ai du travail

Carline avanse li sevi Jose yon souflet Misye kenbe manzè nan cheve
Jose: pa janm pran dwa sa anko paskew konn Kiyes mwen ye
Epi demaskew nan biwom nan salopri

Carline gadel anko li plaaa yon lot kalot Pandan Jose pral pranl li koule li plllaaa anko yon 3em kalot

Carline: saw peze a mpezel tou kalem lajanm siw pa vle we longèm deal ret deal kondisyon ret kondisyon

Jose: pa pansem pè w pou kk ou sot fe a paskem pap leve men sou fanm sitou fanm mwen drive deja....

Bouch li poko femen li resevwa yon 4em kalot misye rale zam li poul tire Carline koule epi li al pran souf nan kolet Jose

Carline: mwen Carline m konn tout mouvman ki ka koze lem atake yon tret mwen toujou veyatif pa bliye mwen te diw mwen ka afrontew e map fel mwen refel anko tou otan ou pa kalem lajanm epi kitem diw mwen bon sou zam ni kouto ni manchèt kenpot sal ye a mwen fout bon sou yo tou e pa ou selman ki konn vize ou we janw mankem sa montrem ou pa fo e ou nan plas mwen ou pa tap gen chans sa jamais

Li finn di sa epil soti byen vag San gade deye

Pandan Jose pral soti li frape ak secretaire a ki tap tande

Secr: hmhm patron kisaw vlem fe avel pou derespektan sa menm
Jose fe yon ti souri aprel manyen epol Malie epil di: ou pap kapab afronte dyab sa ou enpotan pou mwen mpa vlew viktim map jerel pesonelman bon joune

Malie: oke patron a demain Dieu voulant

Konsa jounen an vin ekoule chak moun nan domi Carline menm chita lap ekri sou laptop li

Carline: demen mwen gen yon wout long pou mwen fè fok mwen fe darlie al avem wi mwen wel nan sans mwn epil preske ka afwonte ooo sa se pa mesaj banm we!

3semenn apre Alexandro rantre ayiti ak tout kolòn li vin pran van

Rel: patron depi le nou vin la nou pa regle anyen e menm yon ti zwazo ou pa deplimen

Alexan: Pandan wap pale la mw gen yon randevou enpotan ak youn mwen te kwaze sou facebook la hier ou konnenm paka nan tenten facebook so mwen envitel la

Rel: oke patron map jere sa ki noml menm
Alexan: Carline antouka mwen anndan depil vin la ou konn sa pouw fe

Bo kote Carline li chita li ap pale ak yon foto nan menl byen serye dlo ap koule nan jel
Carline: depi lew pa la mpa la tou ou pran tout bon sans mwen ou chanjem e dlo jem pa janm koule pou peson apre lem ap pale avew
Pa two Lontan mwen ka few repoze anpè wi anpè e mesi pou fos ak kouraj ou banm poum afwonte e akonpli misyon sa mwen pap janm sispann renmenw

10minit apre Carline preparel poul soti li pa pran tan poul rive konsal rive li al pantan sou Rel yo gade adwat a goch

Rel(sezi) Adeline ou menm saw vin fela?
Carline: femen danw la ak Adeline ou an Kotew we Adeline sa make......

A swiv!!!! Ecris par la poetesse Adeline

AKRAOù les histoires vivent. Découvrez maintenant