Mwen bouke

20 3 0
                                    

Mwen bouke
tande nan zorèy mwen tout istwa
Yo dim se istwa d'Ayiti
Ki donk istwa m
Istwam yo rakonte jan yo vle
Mwen bouke tande yo kap relem cheri

Petèt ke nan tan pase mwen te yon bèl nègès
Tèlman bote m te konn fè ravaj
Mwen pat janm ka jwen yon rival pami tout lòt nègrès
Pami tout flè nan mond lan mwen te make ak yon bote sovaj

Yon flè chak ane
Yo fé sanblan awosel pou apre yo pile
Yon nègès yo di yo renmen
Poutan yo pa janm lonje m lanmen

Yon pakèt mounn antourem agòch adwat
Yon seri ap piyem lanvè kou landwat
Yon posyon abiye an blan di yo se potre depite
Yo bay tèt yo non Politisyen
Yon lòt posyon an nwa se senatè yo di yo pòtre
Men yo bliye ke yo se Ayisyen

Yo mache di yap fè politik
Yo di lakay mwen gen politik
Mwen mache nan tout chimen
Mwen fouye tout ti kwen
Istwa poum jwenn menm lèt p nan mo sila
Men li sanble disparèt nan boukan sila

Boukan yo fèm tounen a fòs yap goumen
Yo gaspiye jenès mwen
Yo dejwe pitit mwen pitit, pitit mwen
Yo mete tout fanmiy nan goumen
Nan tan pase se te tanbou ki te anime festen
Jounen jodya se bal kap chante pou trase desten

Palman tounen mache pwason
Ekzekitif ak lejislatif dozado
Palè jistis se yon kesyon de relasyon
Yon ap tann lòt vire pou yo bay kout kouto
Yo pale de demokrasi
Yo pa menm konn sal siyifi

Yap toufe m
Yap touye m
Map pote yon kwa
Yo vle sèl wa

Yo bliye "pour le drapeau pour la patrie mourir est beau"
Pou yo di "vivre dans la misère ce n' est pas beau"
Yo sakaje tout enstitisyon nan met enkonpetan
Pou yal fè baz yo kay vwazen an
Se lajan ki mennen pitit mwen devan biwo vòt
Pou n bay yo zam pou yon n pa vle wè lòt

Montesquieu mwen koubem byen ba
Poum mandew padon
Pou kouraj ou yo gaspiye padon
Kouraj ou te mete pou w ekri "esprit des lois"
Ki fè yo brize tout lwa pou yo fè lwa
Tankou yo ta pretan danse banda

Yon ane alevwa yn jounen pa ase
Pou m ta pale tout sak fè m mal
Yo bliye deviz libète, egalite, fratènite
Pou yo degize n ak linyon fè lafòs nan fè n fè mal
Yo pa janm gen sa yo rele pitye pou tout kou yap vide sou mwen
Yo di repiblik d'Ayiti piyay se pou 5 kòb ba etranje yo vann mwen

Mwen ap kriye
Mwen ap rele
Yo prefere bouche zòrèy yo
Pou plen pòch yo

Mwen pakapab ankò
Sal se konsa mwen santi kòm
Mwen bouke tande vòl ap fèt di se politik
Pandan ti pitit mwen yo ap viv nan yon eta ki plis ke kritik
Dlo pa sispann koule nan jem lè m wè pitit mwen nan inyorans
Pou se chak 18 me yo wè nasyonalite yo gen yon sans

Reflechi tanpri reflechi
Sonje pouki zanzèt nou yo te chwazi libète oubyen lanmò
Pouki sou chan batay yo te chwazi kite lavi
Pou nou sispann ekri ak chante pa konpasyon
Men pou nou kriye lè nou gen remò
Pou nou aprann remete nou an aksyon

Si nou pa chanje
Rèl mwen ap pi fò
Se pou nou aprann kesyone
Pou n kapab fè plis jefò

# *AOPA*

Mes TourmentsOù les histoires vivent. Découvrez maintenant