M toujou ap imajine w kap karese po m
Karese m san w pa janm gen chans bo m
M renmen pran sant ou
Ou fè m anvi dòmi tankou moun ki sou
Mwen vle w! Tanpri vini!Lè m wè Jan w fè lanati fleri
M imajine w sou po m m fremi
E a chak fwa m di wow gad on sansasyon
Tèlman m anvi w ou tounen yon gwo tantasyon
Mwen vle w! Tanpri vini!M santi prezans ou menm anvan m wè w
Depi w parèt sant ou enivre m
M tèlman anvi n danse, anvi ploge avè w
M anvi santi w, santi avè m ou kole
Mwen vle w! Tanpri vini!Dèfwa w vini sanzatann
E pou w rive w prè pou w atake tankou Zlatann
Akoz Paran m nou pa janm ka bay akolad
Paske yo jije w ap fè m malad
Mwen vle w! Tanpri vini!Men jodi a m deside map tann ou
Paran m pa la donk menm si w pran tan map pwatann ou
Menmsi jodi a m pap fè lekti
Vle pa vle fò m benyen nan lapli
Mwen vle w! Tanpri vini!ENNDJIE

VOUS LISEZ
MA MUSIQUE, MA MUSE
Historia CortaBeat, son, mélodie, texte, paroles, voix.. Ensemble ces mots font penser à un autre: MUSIQUE. Et c'est ma source d'inspiration. Si comme moi vous êtes mélomane avec un grand M, ou même si vous ne l'êtes pas, lisez ce livre qui sera une compilation...