Kou'l minwi
Kou'l minwi
Na va pran Lari
Pou n'al simaye latranblay
Sou do kay
Tout vwazinay●
Kou'l minwi
Randevou kase
Pou n'al boloze
Nan kafou Kat chimen●
Kou'l minwi
Mouin paka rete
Mouin ap dedouble
Lagem Poum ale●
Kou'l minwi
Chanpwel fè kenken
Zobop ap Teke Lawe
Devan pye Mapou
Kay ti grann brijit●
Kou'l minwi
Plezi gaye
Nou prale banbile
Si'w pa sa pa pwoche●
Kou'l minwi
Kafou a rele nou chè mèt chè mètrès
Nou achtel lajan kontan
Se nou'k fè lalwa isit ti gason●
Kou'l minwi
Nou la pou tout kòz
Nou tout bèt
Kreyol pale
Kreyol konprann
Kou'l minwi 7 pa koupe 14Jèn gason
Met gason nan gasonw
Jèn fanm
Kenbe tché pantalet ou sere
Met fanm nan fanm ouTann kou'l Minwi.....

VOUS LISEZ
POÉSIE EN COULEUR
PoesiaLa poésie,c'est un beau royaume de lettre où le poète illumine son texte par le mariage de toute sorte de rimes afin de dégagé son idée comme il l'entend. Sur ces mots,je vous invite à découvrir mon tout premier livre de poésie intitulé"La Poésie en...