Partie 2

15 0 0
                                    

***************************
ISTWA TI FIFI
|
ABA RESTAVÈK AN AYITI
***************************
|
PATI #2
|
Écrit par: ●●●TUSLY●●●
|
Image: CHEVELIN PIERRE/  CHEVELIN ILLUSTRATION
|
What's app:  +509 3114 6569
|
App: WATTPAD
|
FB: Ingenieur Rilus Jameson Ordje
|
●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●
|
ROGER ALE LI KITE TI FIFI LAKAY MADAN JAK, MADAN JAK FÈ TI FIFI ANTRE LI GENYEN YON PITIT FIY LI KI RELE VANESSA KI TE KANPE NAN KWEN MIRAY LA LI RELEL POUL KA PREZANTEL TI FIFI
|
●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●
|
MADAN JAK: Va!!!
|
VANESSA: Wi manman, saw gen depim maten wap relem konsa ou fanatik mw jodia wi
|
MADAN JAK: Se ti pitit sa mw tap prezantew
|
VANESSA: Sal genyen kotel soti?
|
MADAN JAK: Se Roger ki vin la li dim manman ti pitit sa mouri epi li menm li pa gen mwayen poul ta pranl epi li potel banm
|
VANESSA: E kote papal?
|
MADAN JAK: Papal mouri tou
|
VANESSA: Men koze piga se kek zonbi yo vin lage nan kò nou la
|
MADAN JAK: Sa wap di konsa pitit
|
VANESSA: Antouka li byen bon wi la ede nou fè kek travay
|
MADAN JAK: Ebyen se pou sam pranl menm wi
|
VANESSA: Mpral tou bay lave kek grenn kilot pou mw paske m pa santim ka lave la
|
MADAN JAK: Hmmm ou knnen sil knn lave epi apenn pitit la paret
|
VANESSA: Ohh se pa nan pansyon li vini la non
|
MADAN JAK: Hmmm
|
VANESSA: Eyyy koman w rele
|
TI FIFI: Mw rele Ti fifi
|
VANESSA: E sa moun andeyo pa janm pa gen yon bann vye non yap bay timoun yo, ki laj ou Ti fifi
|
TI FIFI: Mw gen 6ans e wou
|
VANESSA: oooh ala yon timoun eklere loll e sa nou mele apa pa gen timoun anko
|
MADAN JAK: Lol! Va map metel domi nan chanm ou an avew la ouvwi yon bgy atè a pou l kouche
|
VANESSA: Ooh ou pedi tet ou manman nan chanm pam lan ou di wi
|
MADAN JAK: Hmmm
|
VANESSA: Pa gen bgy konsa
|
MADAN JAK: E ki kote nou pral mete ti pitit la domi la
|
VANESSA: Ohh pkisaw pa di wap bal domi nan chanm ou an tou manman oo!!
|
MADAN JAK: Men ou wè chanm pam lan pa gen kote tou Va u ka konprann sa
|
VANESSA: Ah twop pale anpil se yon ti restavèk li ye metel kouche nan depo a
|
MADAN JAK: Oh pa di sa Va, depo a pa pwop se la chat la twalèt e li gen lontan li pa netwaye
|
VANESSA: Genlew panse se yon princess yo pote baw la, se yon ti restavek wi
|
MADAN JAK : Pa aji konsa Va pa tretel de restavek
|
VANESSA: Aah male manman degajew avel
|
MADAN JAK: Hmmm
|
●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●
|
VANESSA PA DAKO POU TI FIFI RETE NAN MENM CHANM AVEL E MADAN JAK MENM PA GENYEN KOTE NAN CHANM LI AN ANKO LI OBLIJE FE TI FIFI BALE YON TI KWEN NAN DEPO A POUL KOUCHE EPI LI BAY TIFI YON NAT KITE ANBA KABANN LI AN POUL DOMI NAT LA PLEN PINEZ TOUT LANWIT TI FIFI AP BAT KOL TLMN BET YO AP MODEL
|
●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●●
|
ÉCRIT PAR:●●●TUSLY●●●
💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞

Vous avez atteint le dernier des chapitres publiés.

⏰ Dernière mise à jour : May 18, 2018 ⏰

Ajoutez cette histoire à votre Bibliothèque pour être informé des nouveaux chapitres !

Ti FiFIOù les histoires vivent. Découvrez maintenant