Lié par le sang #21🌹

0 0 0
                                    


*Rita*: Ou vinn pou mwen pks la

*Miracia*: Banm diw suspann jwe komedi paske ou paka ou aktris pase m

*Rita*: Saw vle dim par la madam ?

*Miracia*: Ou la pou enterè ou pa renmen Bertrand vre

*Rita*: Saw kònn nan lanmou ?

*Miracia*: Byen plus pase w krazed fwaye

*Rita*: Oh oh😳 apa granmoun nan kònn tande Roody Roodboy

*Miracia*: Wap konnen kk

*Rita*: 😳

*Miracia*: Ou te konnen pitit mwen an te renmen ak madanm ni malgre sa ou pèsiste nan relasyon w lan avèl

*Rita*: Se yon service mrann pitit ou

*Miracia*: Ki service ?
Fè tibèf pou li se sak fè djòl ou laj konsa siw kontinye nan menm vwa sa ou gen pou pèdi gòj ou salòp

*Rita*: 😳
Wi mrann li service paske li te dim li pa ere ak Caroline ke mwen se jwa de viv li

*Miracia*: Hey grapyay vyèj mari ou ye?
Ou gen chans mgen yon randevou mpral ale

*Rita*: E aksepte mwen renmen ak Bertrand e anyen pap chanje

*Miracia*: Normal yon salòp ou ye ki chanjman ou ta fè?

🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹

*Richard Store*🛍

*Bertrand*: Bon Alex mpa trò kònn gouw nan afè rad achte saw vle map peye l

*Alex*: Ou kwè tout sa nesesè

*Bertrand*: Wi ale map tann ou

*Alex*: Ok

🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹

*Charlie*: Rachel saw gen la depi lè ou antre nan klass la figi w pati

*Rachel*: Ebyen te kwè se Wolf

*Ludenie*: Li nan bouda w tou fanmi

*Christie*: Sal fèw ?

*Rachel*: Li tap este poul wè si li te ka bon sou mwen epi li te soti poul te sakaje m

*Yanly*: Oh oh ale misye angran papa

*Christelle*: Misye anpil wi

*Rachel*: Aprè Dani ak Jonathan vinn parèt

*Charlie*: Ki Dani sa?

*Paige*: Ti nèg ki pat lan lekòl la

*Ludenie*: Ti nèg bouch roz la

*Leïla*: Ou serye ou gentan analize bouch li

*Dina*: Ou kònn fèl kkt

*Charlie*: Sak pase aprè

*Rachel*: Dani pran defans mwen epi mwen reprimande l pou sa

*Leïla*: Pks?

*Rachel*: Dani ka ap jwe komedi poul parèt yon ero poul ka jwenn sal vle a e an plus mpa konnen l

*Dina*: Mdakò avèw

*Christie*: Pa bliye tout gason pa menm

*Ludenie*: Wi yo pa menm yo pa gen menm devan

*Paige*: Ludenie la ferme

*Christelle*: Ou pa nan sujè a menm non 🙄

*Yanly*: Abstinans li ye medam

*Prologue*

*3 hrs PM yo relache pat vrèman gen gwo koze epi tout moun reganye lakay yo*

🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹

*À la maison*

*Wolf*: Bonsoir Manmi 😘

*Rita*: Bonsoir Wolf kijan w ye?

*Wolf*: Byen wi e ou ?

*Rita*: Mwen ok wi

*Wolf*: Saw genyen msanti ou pa byen

*Rita*: Tas grand mère est passé aujourd'hui

*Wolf*: 😒 Nou fè zen ankò ?

*Rita*: Mwen abou ak granmoun nan

*Wolf*: Hummm
E papi poko vini?

*Rita*: Non li poko

*Wolf*: Ebyen ok
Mwen monte wi mnan chanm mwen an

*Rita*: Ok

🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹

*Caroline*: Dani

*Dani*: Wi manmi

*Caroline*: Ou trè silansye saw genyen

*Dani*: Ben anyen non

*Caroline*: Dani ...

*Dani*: Gen yon tifi mwen defann li jodia li banm yon kout pik

*Caroline*: Hein 😳 li blese w ki kote ?
Dodo rele Docteur a pou mwen

*Donaldson*: 😄😄😄

*Caroline*: 🤨🤨🤨 Pks wap ri la

*Donaldson*: Chérie ce n'est qu'une expression courante

*Dani*: Mpa blese vre se jus tifi a fèm wont

*Caroline*: Ou wè kounya lè nou ap pale tou fè lis mo ki ap mennen yo pou m ka konprann tande

*Dani*: 😄😄😄 Ok manmi

🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹

*Bertrand*: On est arrivé

*Alex*: C'est votre maison ?

*Bertrand*: Oui

*Alex*: Wawww quelle baraque

*Bertrand*: Rentre dans la maison je m'occupe de tes affaires

*Alex*: Ok

*Prologue*

*Alex monte mach ki devan kay la epi lap gade kay la epi li rantre kay la bèl anpil epi li jwenn...*

*Wolf*: On peut savoir qui tu es espèce de voleur ?🤨

*Alex*: 😳

*NEXT🌹🔥*

Lié par le sang⚘Où les histoires vivent. Découvrez maintenant