Nan Kafoufèy la, moun fou se sa ki pa manke. Wap jwenn sa agogo, nan yon bat je sèlman. Gen tout kategori, tout kalite, gason kou fanm, granmoun kou timoun. Men pou dènye sa yo, ou pa fasil wè yo. Kòmsi fenomèn fou a se lè w vin granmoun li ka atake w sèlman. Genyen ki konn gen rad sou yo ; konsa tou gen lòt ki konn tankou boutèy, jan manman l ak papa l te kreye l la. Gen moun fou ki koul, ki dore may yo tandiske gen yon lòt gwoup wap jwenn ki vyolan, ki konn menm vle bat moun. Wap jwenn sila ki fikse yo yon sèl kote alòske gen lòt ki yon ti jan nomad, pa sezi si w wè l nenpòt kote a. Gen yon dènye kategori ki varye li menm se nan aksyon l ak nan fason l panse. E se dènye kategori sa ki entèrese nou nan moman an.
Bwa te rete nan yon zòn ki te rele Dekayèt. Se te youn nan pil katye ki te nan Kafoufèy lan. Se te yon moun fou, oubyen tout moun te deklare li fou. Misye tap viv ak manman l sèlman, yo de a sèlman ki te nan kay la. Siw ta mande nenpòt moun nan Dekayèt rakonte w istwa Bwa, yo tap kòmanse pa di w yo te konnen l avan l te varye. Sa valab pou anpil moun fou nan Pòtoprens lan. Se te yon jèn gason menm jan ak tout lòt jèn gason yo ; bèl wotè, bèl gwosè, tout bagay nòmal. Men menm jan ak majorite tijèn nan jenerasyon l lan, frekan pase Bwa, pat genyen. Li pat respekte ni granmoun ni tijèn parèy li. Ata menm manman l yap di w li te konn bat. Yon sòt de Lwijanboje. Se te yon tijèn ki te fini ak lekòl klasik li. Men kòm li pat jwenn anyen pou l fè apre sa, jounen l se te jwe boul, jwe domino, fimen ak vale tafya. Se sak te pi bon ! Yon bon jou, tèt ti bway la genlè te byen sòs, li te fè yon move derespektan ak yon ti granmoun.
Sa te pase pandan yon foutbòl ti kan, lapli a te fin tonbe. Yon granmoun tap pase epi li te pran yon move kout boul. Ta sanble se Bwa ki te komèt zak malonèt sa. Olye pou tijenòm nan te eskize l, li te pito dedouble sou ti granmoun nan. Avèk kòm motif li pat vle avanse pou jwèt la kontinye. Li te fè kòmsi l pat wè si granmoun nan te pran kout boul la. Moun yo ap menm rakonte w kijan tijèn nan te savonnen ti granmoun nan ak yon bout bwa. Se la non an te sòti.
Se depi jou sa, Djimi Kavayon te tou pote non « Bwa » a. Depi jou sa, tout moun te konkli misye vrèman deraye. Eben se depi aprè evennman sa, tijèn nan te vin devlope maladi l la. Misye te kòmanse nan pa vle benyen, rete tou sal jiskaske dèfwa sak sou li yo te konn rive santi. Bwa te kòmanse ap ranmase bagay atè, tout nan rigòl, nan bwat fatra. Tout moun te gentan konnen ki fwèt kap kale tijennonm nan. Yo te dejwe l nan men madanm nan poutèt frekan.
Kanta pou ti granmoun nan, lè pèp la te sòti pou al dechouke l, yo pat jwenn li. Li genlè te gentan lage pye l, dayè li te avèk tout rezon l. Menm si majorite moun pat apresye Bwa, yo pat kontan pou zak ti granmoun nan. Manman an ki te gentan reziye l ak pitit gason l te vin pèdi reziye l nèt. Menm si dèfwa sa konn rive li anvi touye l, efase l devan je l lan. Madanm nan te bouke mache kay ougan avèk Bwa, ata menm nan Chalòm yo te ale avè l. Lè konsa misye te konn fè 2-3 jou ak tèt li byen nòmal. Annaprè li retounen deraye ankò. Jan moun yo konn di l lan, manman Bwa te pèdi lajan l lan.
Lòt fanmi Bwa yo ? Li pat gen anpil men anpil nan sa l te genyen yo te gentan rale kò yo. Sof manman l ak yon matant li aletranje li te rete kòm fanmi. Papa l te lage l nan men manman l depi lè l te tou piti. Lè yo te wè l ale yo panse l tap retounen. Men domaj ! Pèsòn pat janm wè mouche a ankò. Radyo djòl te gentan fè sikile yon nouvèl ki te fè konnen sak fè neg lan lage pye l se paske l te kenbe manman an yon lè ak yon lòt neg. Konsa, li te tou dedwi pitit la pa pou li. Madanm nan te gen yon lòt pitit — yon tifi ki pat menm papa ak Bwa — ki te nan men papa l. Nèg sa pat konn doulè ni Bwa ni manman l. Donk se konsa tijèn nan te vin lage nan fè moun fou tout kote l te konn pase. Li pat rete pyès zanmi ankò, oubyen ti kras ki te rete yo te la sèlman pou pase l nan tenten, trip sou li.
Ki kote nou te vle rive avèk tout istwa sa ? Eben jou yo te atake Soraya a, Bwa te la. Misye te poze l nan kèk fant. Li te chita bò lari a, bò yon pil fatra. Lè bal yo te kòmanse chante, li te kouri lage kò l nan fatra a. Se pa paske l te fou ki tap fè lanmò twaze l. Annaprè lè nèg yo te vin ale, Bwa te leve. Se lè sa l te vin wè dam nan atè, san l ap koule tankou se yon tiyo. Lari a te blanch tankou klowòks. Menm plizyè minit aprè bagay la, okenn pèp pot ko pran lari a. Donk premye sa Bwa te fè se te kouri sou Soraya pou l gad si l te mouri. Lè l te rive sou fanm nan, li te wè je l fèmen men kòm li tap soufri, souf li te fè l wè l vivan toujou. Lè Bwa te wè sa li tonbe fè manzè grimas atè a. Answit, li te chire nan pantalon ki te sou li a epi l te mare pati kote Soraya te pran bal la. Aprè sa, misye pran de men fanm nan epi l trennen l mennen l yon kote. San an ki tap koule an te tou trase wout lan. Soraya li menm pat menm okouran de sa kap fèt lan. Li te gentan pèdi konesans lontan sa.
