MANMZÈL

46 1 0
                                    

Se nan mitan yon touf lapèrèz
Mwen riske leve tèt gade l
M pran san m  jwi bote l
M menm devine jan l rele
Men,feeling mwen kraze
Lò je l arive tonbe nan je m

Vizaj li pou mwen, pat kreye isit
Rega l negosye ak nanm mwen
Bouch li fèm pran gou ak je m
Se yon bèl sirèt ak kalite.
Li gen yon koulè chokola ke,
Tè sila pako janm kiltive

"Alo lapolis! Se yon kriminèl bèl po
Ki byen kanpe pa twò lwen m" men,
Distans lan kout, koz m manke
Yon senp pa ,pou m tonbe nan pyèj li
Yon senp pa, pou m tonbe sou cham li

M pran nan yon anbiskad "bote"
Ke lanati prepare pou fè m otaj
Malgre m pridan m pran kanmenm
M pèdi ekilib koz li twomatize m
M vin tankou yon gwo estati e,
Jis kounia je m paka sot nan je l

         PRINCE A PLUME

PLUME INSPIRÉE Où les histoires vivent. Découvrez maintenant