DRAPO N

9 0 0
                                    


Gen sa ki pap tounen nan istwa
Paske yo pa kon n si n gen youn
Men ou ak de nawèw kap li tèks sa
Konnen ke yo pat pran n pou moun

Se de moso twal  ki te fè yon sèl
E yo pat jis leve yon maten yo fèl
Se zansèt yo ki goumen ak tout fòs !
Pou sou bout tè sa linyon ka fè fòs !

M pap ka di kiès m ye
San m pa gen yon idantite
E nou pap ka montre sa n ye
San bay valè a sa zansèt yo kite

Sa ki pa n ap toujou ret pou nou
Poukisa n'ap goumen antre Nou?
Premye batay la ba nou idantite
An n kontinye l pou n ka respekte

Bikolò sa se mwen, se ou, se nou!
Nèg yo mele pase ak prezan pou fiti
An n pa goumen kont patizan nou
An n gade kouman nou ka rete ini

                      @PRINCE A PLUME

                      @PRINCE A PLUME

Oups ! Cette image n'est pas conforme à nos directives de contenu. Afin de continuer la publication, veuillez la retirer ou mettre en ligne une autre image.
Vous avez atteint le dernier des chapitres publiés.

⏰ Dernière mise à jour : May 18, 2023 ⏰

Ajoutez cette histoire à votre Bibliothèque pour être informé des nouveaux chapitres !

PLUME INSPIRÉE Où les histoires vivent. Découvrez maintenant