poukisa

1.7K 29 0
                                    

Poukisa chak fwa kèm bat se non'w li site?
Souriw tèlman inpòtan pou mwen li se yon nesesite.
Mwen pap ba w manti dèfwa mwen konn anvi ranplase w.
Men podyab mwen, ou pa fwa ou se poumon, jamè mwen pap ka ranplase w.

Poukisa tout fim kwaze nan lari, nan tèt mwen se avè w pou yo ta sanble?
Daprè ou se yon ilizyon oubyen se paske ou se tout sa mwe vle?
Ou panse m fou, si m renmen w san mezire ?
Mwen ka fou vre paske mwen prè poum kitew ale men m si sa ka rann mwen malere.

Si chak fwa kè m bat li site non w, se paske pou li ou jwe ròl vèn.
Ou impòtan pu li menm Jan pu legliz katolik anyen pa k ranplase nevèn.
Siw wè avè w mwen vle tout fi sanble, se paske pu mwen yo tout se roz, men u menm ou se orchidée.
Men ankò plis se paske gou bouch ou sou bouch mwen se sèl sa m vle.

lanmou an kreyòlOù les histoires vivent. Découvrez maintenant