Jodi a jounen mwen pèdi sans.Li pèdi valè tanku lannwit san zetwal ki pou klere pye m sou chimen bonè.
San ou kafe lanmou m tap koule ak ma.
Li tap san gou tanku diri blan san sèl.
Tanku matine san lawouze.
San ou solèy la pat jwenn rezon pou l leve.
Mwen tankou ti lèzanj manman pa ka bay tete paske l pase jounen an san manje.
Poukisa w kite m pase yon junen san nouvèl, pandan w konnen prezans ou vo plis ke oksijèn.
Lannwit mwen gen gou fyèl, tanku asòsi, ou se remèd fèy ki trete doulè m, men podyab aswèya l pi rèd pase tout, paske w manke m.
Viv lwen w pat fasil men l pi tris lè m pase yon jounen san m pa tande w.
okenn melodi pa rive konble vid vwa w kite nan zòrèy mwen.
Mwen tanku yon atis ki pèdi enspirasyon, mo m yo deraye tanku vye bisiklèt.
Men nan machwè m ap mande kote w pase, figi m blaze wa konn se vye bis kriswa.
Ki sans lavi tap genyen, renmen tap pèdi valè, tanku prezidan nan peyi d'Ayiti.
Pi mal pase pwezi lakilti pouse do l pou l fè plas ak rabòday.
Tanku dezè sahara rechofman klimatik fè tunen rivyè Paske sab la ra.
Mwe tap pèdi mounite m kòm yon atis pent ki pèdi je l.
Dwa l pa sispann vyole, tout moun di zafè se pa yo.
Menm jan yo di ki mele yo moun kap mouri matisan, pandan yo bliye demen se ka pa yo.
San ou jounen an te twò long e lannwit lan se te pi mal.
LIVREM 😊

VOUS LISEZ
lanmou an kreyòl
PoesiaQu'est-ce qu'il y a de mieux que de partager son amour et ses passions avec les autres? C'est pourquoi j'ai créé ce recueil, pour partager mes poésies avec vous mais aussi pour valoriser la langue créole c'est pourquoi les poésies qui seront publiée...