Mwen songe gou bouch ou sou po m, k ap karese l tanku se yon ti van k ap pase nan mitan pli m sou po m.
Mwen songe le m t konn rele w manmi, chak fwa w di m mwen anvi bo w papi ou fè chè de poul leve sou po m.Mwen songe vwa w k ap karese zòrey mwen chak fwa men m kole ak po w.
Mwen p ap sèmante men toniskrizet mwen, se te pi bèl melodi.
Sitou lè lang mwen ap chechè lang u pandan map bo w.
Mwen pap bay tête mwen manti avè w mwen te santi m an amoni.Mwen songe tou ou te meyè zanmi m.
Sa m t konn renmen se lè w t konn di m, ann kite mennaj mwen envi pale ak meyè zanmi m.
Tout sa yo fè pati de méyè souvni m.
Jiskaprezan tout sa m swete se pou w retounen nan vi m.
![](https://img.wattpad.com/cover/179746137-288-k143940.jpg)
VOUS LISEZ
lanmou an kreyòl
PoesíaQu'est-ce qu'il y a de mieux que de partager son amour et ses passions avec les autres? C'est pourquoi j'ai créé ce recueil, pour partager mes poésies avec vous mais aussi pour valoriser la langue créole c'est pourquoi les poésies qui seront publiée...