On ti koze ak Lespri yo

3 0 0
                                    


Lavi plen sans
Lavin san sans
Nap viv san sans
Nou di nap viv men nan ki sans ?
Banm on ti sans ! Banm on ti chans
Men m pa gen kob poum achte  sans ak chans

Nou san sans , nap viv nan rans
Nou san konsyans
Nou vle bal sans
Men se bal ki bal sans

Bet gen sans pouki'n san sans
Nou vle delivrans
Nou renmen soufrans.
Pa gen delivrans
San konsyans
San bonsans
Pa gen redampsyon
San  yon vizyon
San yon misyon.

Moun nan se fre'n se sè'n
Nou rayil nou trayil
Lap progrese nou Vle manjel
Lap avanse nou vle touyel
Lap eden nou vle sakrifyel
Nap chèche lanmou
Nap plede bay kou
Nou pè pran kou
Nou renmen bay kou

Nou pè mouri , nou renmen touye
Nou pè dife , n' renmen boule.
Nou vle chanjman, nou pa vle chanje
Se tankou nou vle manje
men nou pap monte dife.

Cesar Sur Saturne.Où les histoires vivent. Découvrez maintenant