Natacha (1/2)

13 3 2
                                    

      Li te prèske onzè di swa lè m tap rive a. Mwen tap imajine manman m ki te dwe fou ap rele m, men sa fè lontan depi m te retire batri nan telefòn mwen. Mwen pat vle ni anyen ni pèsòn deranje m. Tankou yon vagabon, yon sanzave, figi m san konviksyon, de men nan pòch, map frite nan yon zòn mwen potko janm reve mete pye m ladanl. Poutan, mwen te souvan tande patnè m yo kap pale de kote sa a. Plezi taye, se sèl mo m te toujou konn kenbe de konvèsasyon nèg sa yo. Aswè a, m tanvi wè si se pou toutbon.

      Senario a pa t pran tan pou mete m klè. Fanm, sigarèt, ti boutèy plat, disko, limyè, fènwa, tout kondisyon yo te reyini pou yon zòn ke yo te batize bastyon bouzen. Kò ti medam yo sèlman tap di w "vin taye". Lonbrit deyò, zanno nan lang, chèn nan pye, ti bout pantanlon, se te premye fwa m te gen aksè a tout pati sa yo nan kò yon fanm. Tèt mwen te vle vin lou ak tout sa m te gentan ap imajine. Kèm tap bat fò. Mwen pa t gen lapè nan mitan janm mwen ankò non plis.

      Mwen te si w konn yon egare yo lage nan mitan lavil. Kò fanm tap balanse a goch a dwat, moun yo, sa k te santi pit lafimen sigarèt, sa k tap kale w a lodè alkòl lan nan bouch yo. Men, mwen pat kite m fin gaga nèt. Mwen te la pou yon bagay, e aswè a, fòm fè l kanmèm.

      Kote tout ti medam, ti kò seksi yo te gentan branche sou yon nèg, mwen te repere yon sèl sou lòt bò lari a ki te lib. Yon sèl la, e, mwen potko vle avanse, tèlman m tap doute. Fanm sa a, se te yon fanm gro bouda, senti laj, pil tete ke m pat kwè m tap ka fè yon ti gwouyad menm anba l. Fanm nan te twòp pou mwen. Twòp pou zouti m.

      Malgre tou, antan ke bon sòlda ki lanse nan batay lan, mwen pa t gen dwa fè bak. Mwen nan konba, epe m nan menm, fò m avanse. Se konsa mwen te travèse. Mwen pa t gen okenn lide sou kòman yo apwoche jan de fanm sa yo, nan stil de okazyon sa yo, men, mwen te sèlman espere m pa tap di anyen ki pou fèl fwase.

    — Bonswa bèl manmi.

      Yon sigarèt kap ponpe lafimen nan mitan de dwèt men dwat li, li te vire gade m sou le chan, je l ki tap fikse m si w konn se yon madanm kap twaze mari l. Li egzamine m de la tèt o pye e m te santi sa l te wè a pa twò fè l plezi. Men, eske l te ka kite yon potansyèl kliyan ale ?

    — Mwen travay pou ... goud. Mwen ka baw pran de(2) pase. Men, mwen pa prale pou twa(3).

      Rapid vit, manzè te gentan mete m sou men m. Nou pa t la pou ti koze lanmourèz, se yon travay lap fè. Mwen reponn :

    — Pa gen pwoblèm non.

      Apre m fin di sa, li te pran yon ti tan pou l reprann lapawòl. Menm ti rega ak talè a :

    — Janm wè w kanpe si w konn se yon zegwi devan m nan, se mwen k te rezève plas otèl lan pou ou ?

      Pi gro koze a, mwen te bliye l. Nou pa ta pral pran plezi nou nan mitan lari a kanmèm.

    — Oh, manmi. Pa di sa. Kote w mennen m, mwen prale.

      Mwen pa t vle manzè wè ke se premye fwa m vin nan bouzen, mwen te deside jwe pati sa a relaks. Li wose sousi l, gade m de wotanba ankò avan li di m :

    — Swiv mwen. Sa ap fè ... dola anplis, paske lakay mwen pa yon otèl.

      Mwen pa t janm konnen si yon ti senp taye te ka koute yon jenn gason tout kòb sa a.

      Manzè pran m pou l mennen m lakay li, nan yon zòn mwen te konnen sèlman de imajinè m, nan yon lanwit onzè di swa. Mwen te pè, men m te jwenn rekonfò nan sèl gade bouda fanm sa a ki tap balanse de bò devan m nan. Ou ta di se vag lanmè ke gro van ap sakaje. Mwen ki bande pou nenpòt ki ti pwent tete fanm mwen wè, mwen pa bezwen di w a ki pwen m te mal alèz nan moman an. Men erezman, ti koridò jennen li tap pase avè m yo pat gen moun e pat gen limyè.

      Apre youn ou de minit ap mache, nou rive devan yon pòtay an tòl. San frape, li pouse pòtay sa e li fèm rantre. Nou rive sou yon senp ti lakou makadam, sèl de pye kokoye mwen te ka distenge nan mitan tout fènwa zòn nan. Manzè rale yon dènye nway avan l teke ti bout sigarèt lan sou kote. Lodè lafimen an melanje ak eksitasyon moman an te fè kèm ap bat fò anpil.  Pou eta m te gentan bande, mwen santi manzè tap sèlman desann kilòt li devanm ke m t ap voye.

      Ak yon ti kle l te rale sot nan pòch rad li, li te ouvri yon dènye pòt ki te bay sou yon ti sal a manje. Yon ti kout alimèt te vin joni espas lan, avan li resi tape pwent li sou mèch yon lanp tèt gridap. Sèl ti limyè sa te gentan pèmèt mwen di ke manzè pat jenyal ditou. Toutfwa, kote m te gentan rive an, pat gen fè bak ankò.

    – Se kòman w rele ? mwen mande l.

    – Ou vrèman kwè repons kesyon sa a ap itil ou jenòm ?

    – O wi bèl manmi. Se pou lè m ap vini, pou m konnen ki non pou m rele.

      Menm mwen, mwen te etone de pawòl ki tap sot nan bouch mwen. Men, erezman, paske, mpat vle anfas la konnen se premye fwa m tap plimen.

    – Hmmmm. Relem Natacha.

********

Nou ankouraje ou toujou kite yon vòt🌟 anba chak chapit. Di sa ou panse tou nan seksyon kòmantè 🗨️ yo.

Vous avez atteint le dernier des chapitres publiés.

⏰ Dernière mise à jour : Nov 18, 2021 ⏰

Ajoutez cette histoire à votre Bibliothèque pour être informé des nouveaux chapitres !

Avanti Ewotik Ti PijonOù les histoires vivent. Découvrez maintenant