Jowana

13 5 2
                                    

Manman m ak papa m rele m Walas. Tout moun nan fanmi ban mwen laj 23 zan. Patnè m yo konnen m tankou yon nèg ki poze alòske pou medam yo, siman m son mawozo. Mwen di "siman" paske mwen poko janm kapab pran kouraj mwen a de men pou mwen al pèse mistè sa a e pou mwen ka rive konnen ki pèsepsyon yo genyen de mwen vre. Wi. Mwen pa konn anyen nan fanm.

Mwen konnen egzakteman kisa ou dwe ap di nan lespri ou la a. 23 zan, ti bway lan ap dim li pa konn anyen nan fanm ? Pou ki ras kana li dwe ap pran moun la a ?

Petèt, ou pa kwè m kounya. E, asireman, istwa mwen anvi rakonte ou an pap gen pou ede m nan sans sa a. Sèlman, mwen rete kwè ke sa nou tou de ap chèche nan istwa sa a pa gen anyen pou wè ak moun tout moun konnen mwen ye a. Mwen ka pa menm vo yon ponyen atansyon pou ou.

Mwen leve nan yon fanmi kote m te jwenn chans konnen manmi, papi ak de gran sè. Papa m te kwè nan voye m nan gwo lekòl kay pè pandan manman m te prefere wè pitit gason l vin yon frè legliz. Mwen te toujou ale. Poutan, mpat janm santi m tap satisfè atant manman m pou toutbon. Petèt se sou mwen li tap konte, lè li te fin remake ke si gran sèm yo te renmen jou dimanch lan konsa, se paske se jou sa a yo te santi ti wòb woz tou kout a flè yo te genyen yo te itil a yon bagay. Kèk fwa, tantasyon yo se anndan legliz yo ye menm.

Te konn gen de twa medam mwen te renmen wè tou. Te gen sè Rose, yon dam nan trantèn yo pandan m te gen 17 lane, men ke je m te renmen pèdi nan kòman chay tete l yo te konn byen won. Epi, te gen sè Woodline, yon demwazèl koral lan kem te renmen wè jis paske l bèl. Mwen te toujou ap imajine l mennaj mwen. Imajine l nan dè ti moman a de avèk mwen, pandan lang mwen ap sikre kèl e ke de men m yo ap manyen l, karese l. Men malerezman, sa pa janm rive fèt. Poukisa ? Mwen di nou sa deja. Mwen se yon gwo mawozo e mwen pa konn anyen nan fanm.

Lè tout patnè m yo vin lekòl nan lendi, ap rakonte kòman yo kase youn, de ou twa tifanm an plis pou wikenn lan, mwen, m te konn pase pa m nan nan chèche nouvèl sansasyon sou kèk sit fim oubyen videyo pou granmoun. Nan konsa, mwen te konnen pafètman entimite sinematografik dè fanm ke m pa tap janm gen chans rankontre nan vi m. Boobs, teens, natural, bondage, ebony, rough, lesbian. Ou ta renmen m ba ou tout referans yo ?

Si pou kèk lòt, adolesans te sinonim fistrasyon, gro kòlè, depresyon, mwen kapab di mwen chanse ke m pat trò sibi menas peryòd lavi sa yo. Sim te manke santi m pa nòmal nan lespri m, yon senp ti videyo te edem bliye sa a. Poutan, sa mwen te konn konsidere pou medikaman m ta pral, tipa tipa, vin yon antrav a byenèt sosyal mwen.

Apre filo m, mwen kontinye swiv vwa papa m te renmen an. Al nan fakilte. Se te sa ki te pi enpòtan pou pitit gason l. Bò kote pa m, mwen te deside swiv yon pakou etid an dwa. Se pa t li mwen te renmen, men, se li m te jwenn. Eksperyans fakilte a vin mennen m pi pre sous pwoblèm mwen. Alèz ak fanm. Yon bagay ke tout lòt jenn gason fè tou natirèlman, lespri m te toujou ap konplike lè choz. Mwen te ranfème nan ti mond pa m nan, e te toujou prefere evade m sèlman lè m poukò m, nan chanm mwen. Men gen de fwa, si l pa pou yon byen, li pou yon mal, le natirèl dè choz deside ba w yon kout rigwaz nan rèl do w jis pou w ka pran men w.

Li pat pi bèl tifi nan promo a, men, se li ki te vin pi pwòch mwen disi fen premye ane a. Youn nan pwoblèm ak gason tankou m yo, depi yon fanm ba yo yon tikal atansyon, pou yo, fanm nan renmen yo. Epoutan.

Nan lanwit sa a, se te fèt dentegrasyon e mwen te deside fè yon bagay ki ta pral mande m yon efò plis ke imen. Ti rad ble l sou li, se konsa mwen aproche l pou m dil nan zòrèy : "Mwen renmen w tou. Eske w vle mennaj mwen".

Demwazèl la vire, li mare sousil, fwon l fè disèt pli epi li dim : " Kisa ? "

Li fon ti ri epi l di : " Kiyès ki te diw manvi avèw ? Apaw nan rèv. Walas, reprann ou! Kochma sa a twòp pou ou." La, li vire do l, li ale jwenn de zanmil ki pat twò lwen.

Yon ti fraz mwen te sifle nan zòrèy dwat li jwenn yon repons ke menm moun anba tè te ka tande. Tout je ap gade m. Genyen menm kèk kout ri ki te kòmanse tonbe. M pa wè devan, m pa wè dèyè, mwen bat kat la epi m fè zèl.

Rapid vit, mwen kite lekòl lan. Wont lan te tèlman wo pou mwen ke m te menm gentan sèmante mwen pap tounen ladann ankò. Pwochen trimès, map nan yon lòt fakilte, men kanta tounen, sesera jamè.

Pwolonje Channmas, desann bò stad, prèske dizè di swa, mwen te prèt pou fou. Nanm mwen pa t nan kò m ankò. Mwen te menm pè pran yon machin, jis pou m pa bliye kote m prale pandan m nan wout lan. Rete kanpe pandan yon ti tan te meyè desizyon m te ka pran.

Mwen repanse a premye fwa m te wè l lekòl lan. Plim li te mande m prete premye jou li tap vin pale avè m nan. Li te renmen plim nan, mwen te tou di l mwen fè l kado l. Retisans li pa rapò a sa ta pra l mennen a yon premye diskisyon. Nan demen maten, li vin chita bò kotem. Sa k tap rive m nan moman an pa t ka vre. Jowana te gen rezon finalman. Mwen nan yon kochma.

San m te vin frèt, tèt mwen te vin gro. Mwen te an kòlè. Mwen te wont. Mwen te fristre. Yon gro boul te mare nan vant mwen. Mwen te menm pat santi m moun ankò, apre yon desepsyon konsa. Epi, desizyon fatidik lan pase nan tèt mwen.

Te gen yon bèl distans, ant kote m tap soti a, a kote m te gen entansyon ale a, men mwen te deside fè l a pye kanmèm. Janbe kafou, vole rigòl dlo, mwen te mete tèt pou Gran Ri. Kisa m ta pral fè ? Li te trè senp. Aswè a, mwen te sèmante ke m pa tap rantre lakay mwen antanke menm moun mwen te ye lè m te kite l lan.

********

Nou ankouraje ou toujou kite yon vòt🌟 anba chak chapit. Di sa ou panse tou nan seksyon kòmantè 🗨️ yo.

Avanti Ewotik Ti PijonOù les histoires vivent. Découvrez maintenant