Les 4 soeurs

31 3 0
                                    

LES 4 SOEURS
EPISODE: 14

SA JIMMY DWE GENYEN KI FEL FRENNEN KONSA

Nobertha: konsaw ka antre isit la Jimmy
Saintil: kiyes jeune homme sa ye bb selman pa dim ou nan
Nobertha: cheri se pa saw panse a ou sonje bagay parfum m tap palew yo se madanm li kap vann men tale a m te dil pase vin pran kob la se sak fel isit la
Jimmy: na eskizem sim antre san frape, kom mwen wew ak mariw map tounen kotew anko
Nobertha: wa voye madanm ou koten siw pa ka vini bel zanmim
Jimmy: map fe sa

HA BON SE SAK FE MISYE FRENNEN KONSA

Saintil: konbyen fwa mwen diw pa kite porte la ouvri manmi pou ki sa wap kite moun nan zone nan antre sou ou konsa
Nobertha: papi fe madanm ou konfyans okey an plus m pa kite yo antre sou mwen sa ap fe led si chak lem pase m pa salye yo epi pou yon jou m ta gen yon probleme ou met kwem pa genyen kap levem non fow panse ak tout bagay sa yo
Saintil: men ou konnenm renmenw gen bagay fom veye yo sa vin rann mwen jalou
Nobertha: papiiii plizzzz madanm ou avew
Saintil: m konn sa. Bon map few kontan plus ui manmi pou travail la m jwenn li nan market pou ou
Nobertha: wawww mesi papi sam tap fe siw pat nan lavim, kile m ta dwe komanse la?
Saintil: sa pral depann de ou fow li kontra avanw siyenl m lil deja m santi wap renmenl
Nobertha: depiw dim papi kile ou prale avem menm?
Saintil: demen apre midi map pase pranw pou nal fe sa. Ou pa banm anyen pou gwo efo sa m fe a
Nobertha: papi gen bagay ou konnen ou pa besoin mandem, madanm ou malad sinon m tap gentan pyafe sou ou
Saintil: pa gen probleme non cherie. Banm ale poum ka al repozem epi pa bliye peye kob la non
Nobertha: m pap bliye, pandanw ale la map tou rele misye ou bien madanm li Poun fe kontwol epim peye
Saintil: dako manmi. Je t'aime

LE SAINTIL FIN ALE MANZE JWENN JIMMY DEYO A POU KONT LI MISYE RIVE

Jimmy: epa mariw te anndan an
Nobertha: se pa sak enpotan konnya tande ti gason m wew tap tranble lew wel la son granmoun li ye ui
Jimmy: konnya li fin bien jerew m pa kwem ka fe anyen pou ou non
Nobertha: fe grimas tande map baw yon bagay wap mal jwe m di epav la m gen reg e se ou mwen vle aswe a
Jimmy: fom ta konn kote madanm mwen ye bien
Nobertha: woy ti gason m jere tout detay li poko ap rive non an plus lew ap soti map baw kob la, vin jere sa pou mwen lap banm problème kokot
Jimmy: ou konnenm swe fom al benyen poum ka fel pi bien pou ou
Nobertha: saw panse si nou al benyen ansanm
Jimmy: lap pi bon net bb

SA FEM SONJE FANM KI NAN FIM FANM SE RAT LA. BON ESKE TI PO DEVANL PAP FEL MAL MENM NOU KONNENM PA KA GADE BAGAY SA YO M PIKE KOTE TYGA KAP RANSE AK ZANMIL

Ronald: komsiw dim ou pa konn depi kilew we ak manze
Tyga: ui baz menw konnen le pe a te promet mwen yon lajan fom pranl ui
Ronald: sa bel net le pe ap jere matlo li 😂😂😂😂
Tyga: sa pa janm pap pale salami sim pat genyenw pou pase stres mwen m tap raz ui se sak fem ka boule avew konsa ui ras
Ronald: se kolonn mwen ou ye ui aki ou nan sans mwen ras. An tou ka bat pouw pran kob la nan men le pe a na fe sak enpotan avel poun ka met lajan nan poch la plus
Tyga: bon sil pat two ta la m ta pral bwasel ui so map jere sa demen resan
Ronald: se sal ye ui nou pase twop lanne pou se paran kap lonje men ba nou fok sa chanje mafya
Tyga: mwen lage pyem yon fwa ui aki nap pale demen bro
Ronald: red

ESKEW TE KONNEN KE OU KA KOMANSE FE BIEN AK TET OU AK LE PEU KE OU POSEDE PETET KONSA LE SA AP GRANDI WA GRANDI TOU SIW KONN JERE. BON M FON BACK KAY NOBERTHA KI FEK FIN ENJOY AK JIMMY

Jimmy: konsaw gen apeti sanble sim pat gason ou tap fin avem
Nobertha: loll bonw fe sa bien se normal poum pa mande  rete
Jimmy: loll zonbi goute sel li pap mande rete no
Nobertha: mwen ka dejwew pou Sarah ui ti gason. Bon men kob parfum an paskem te dil m tap baw li
Jimmy: lem rive map cheche kotel ye poum balil. Mesi anpil
Nobertha: se mwen ki pou diw mesi e pa bliye ke bouch ou ka mennenw anba te
Jimmy: ak yon gason ou sot fe sa ui pa besoin enkyetew sa ap rete la
Nobertha: m swete sa baz

JIMMY SOTI

Nobertha: sam besoin fe a m pap kapab vre mwen pa we  komanm pral fe poum pran neg sa pou mwen sel sitou Saintil konn domi la e misye two anba vant mwen gen bagay fom evite yo men Sarah pap ka jere kann neg sa pou kont li vre fom ta mouri

KONTWOLE ZE NAN VANT POUL SE METYE MOUN SOT
JIMMY PA MENM POU TI FI A POUL AP FE PLAN POU LI KONSA

Sarah: kotew te la?
Jimmy: mwen pa kwew serye ak kesyon sa non
Sarah: koman fe poum pa ta serye map relew mwen pa ka jwenn ou pouw ap vin dim sa
Jimmy: Nobertha pat relew poul diw mwen te kotel la e ou konnen pa gen kouran mwen te tou rete pran chaj
Sarah: li selman dim wap pran kob parfum yo menl pat dim lot bagay anko. Mwen pa baw ti fi sa pou zanmi tande fe respew
Jimmy: mwen pa konprann de kisa wap pale la non mwen pa zanmi avel o kontre se ouk te fem antre lakay li sanblew bliye sa? Ou byenw bliye kisaw ye pou mwen
Sarah: konnya pouw al femen anndan kay la ak Nobertha
Jimmy: ou ka panse saw vle men pandanw ap di se pou neg li a tap soti anndan mwen tap we komanw ta pral aji
Sarah: pranm pou makak poun ka kwew
Jimmy: ann al frape wa tou we neg li a anndan wa dim saw tap fe ou tap tou mandel yon chanm anko
Sarah: pa fout ransew avem ti gason, kote kob la li baw la mesye
Jimmy: wap bom avan siw we sa
Sarah: lolll map bow lew banm kob la
Jimmy: se ak moun sa yo poun vann ui bb yo pap kraze komes  la
Sarah: demen bone m pral kotel la poum al dil mesi
Jimmy: bone ou di ui sanblew bliye sim diw marip la anndan se la misye ap domi ui fow bay moun yo tan

KEK JOU APRE JOSUÉ AP PALE AK MAGDA

Magda: mwen pat panse sim tap tonbe damouw konsa non papi
Josué: gen anpil bagay mwen tap reve men mwen pat panse se nan yon fanm ki pap viv menm kote avem mwen tap jwenn li e sa fe fok mwen goumen plus poum pa janm pediw men map mandew yon bagay pigaw pran pleziw gen lot neg sou mwen pouw ap okipe ak lajanm nan
Magda: ou we mwen menm mw al lekol mw aprann respekte tet mwen e kay sa ou lwe banm nan m semante pa gen lot gason ki ka antre la si se pa yon zanmi danfans ou lekol mwen paskem konnen sim few yon bagay ki mal se nanm pam map blese an plus kisaw pa banm poum pral deyel nan yon lot gason papi. Lem nan laru avew m santim konfotab a chak jou wap banm konsey bgy ki ra pou gason fe pou fi ou se zanmim marim ti anmedanm ou pa remake depi lew vini an mwen gen jwa nan kem ou ka pa konnen saw fe pou mwen an papi
Josué: sa fem plezi tandew kap pale se domaj jou mwen tap fe Haïti yo fini sinon m tap gatew plis manmi m promet ou prochaine fois map fe plus temps Haïti koz yon fanm tankouw pa mérité pouw ap viv lwen mwen vre men domaj mwen pap ka vin nan maryaj sew la vre m fini pa konprann se tout sew yo ki konn resevwa moun
Magda: sa vre ou met dil fort papi
Josué: wa salué yo pou mwen koz m pap gentan we yo demen fok mwen ale manmi
Magda: wap mankem anpil ou fem gentan tris anpil, mwen pa anvi pou demen rive poum ale mennenw ale papi
Josué: mariw ap toujou avew manmi

ADJE SANBLE MAGDA RESI KOLE UI JANM KONN MOUN SA YO PA NAN RANS SAK TA DI SA HEIN HNMMM. NOBERTHA MENM TE JWENN TRAVAIL LA EPI NAN MATIN PANDANL PRAL TRAVAIL LI SALYE JIMMY KI TAP PALE AK YON ZANMIL KI RELE CARLENS

Carlens: se pa fanm sa ki tap joure ak Sarah a ki salyew la bro
Jimmy: ui baz, fanm sa telman dous baz hnmmm

KONSA SARAH FRAPE DOL

Sarah: ou pat konn sim te la

KANPE TANN MWEN LA

ECRIT: JEFFERSON LE PAPE MATHURIN

Les 4 soeursOù les histoires vivent. Découvrez maintenant