Ou tatouwe nan lespri m tankou lank ki tombe sou yon fèy blan.
Ou make lespri m tankou kolonizasyon pèp nwa pa blan.
Men avè w, mwen pa santim inferyè.
Okontrè, ou fè m santi m siperyè.
Sitou chak fwa langue mwen makònen ak langue ou,
Mwen anvi chante, ponpe, men m danse twoubadou.Chak fwa m gade w, mwen di mèsi lanati ki kreye yon si bèl flè.
Si w se siro, pou ou mwen vle se mièl, mièl kap souse sik ou, lam vle rete janmè pati.
Mwen renmen tandew kap di m, sere mwen pi pre papi.
Poum ap di w pa inkyete w mwen pap kitew ale manmi.
Lanmou avè w se pa selman yon bagay chanèl.
Men se kote de espri konekte pou yo fè yon bagay spirityèl.
![](https://img.wattpad.com/cover/179746137-288-k143940.jpg)
VOUS LISEZ
lanmou an kreyòl
PoetryQu'est-ce qu'il y a de mieux que de partager son amour et ses passions avec les autres? C'est pourquoi j'ai créé ce recueil, pour partager mes poésies avec vous mais aussi pour valoriser la langue créole c'est pourquoi les poésies qui seront publiée...