Mai 2024, men m toujou an konfinman man
Jou ap pase e m santi m ap vin "con" finman man
"I had a dream", God di m :"Vin konfye w nan mwen!"
Jenou atè God, men m ap vin konfye w nanm mwen
M pa sòti, m poze m lakay mwen jantiman man
M bouke fè sanblan et faire genre, tu mens man!
M di lavi tout bèl mo, men l pa pran nan cham mwen
Tout jounen m sanble, m fè l ret "cloîtré" nan chanm mwen
M sonje patnè m yo,
Vrè bonè m konnen an se lè n ansanm man
E menm si n pa pre m gang, m konn n ap "still" ret san m man
Nou "still" ret "by my side" lè m konn nou ta pral san mwen
N' pa janm konfonn mwen menm lè n nan mitan 100 mwen
Nou k toujou banm love lan aprè n fin tande son mwen
Thanks God, thanks Jésus nou pa sispann beni m
Pechè ke m ye, nou mete zanj pou obeyi m
E m ap fè kou m konnen avan nèg isit keyi m
Mache sou tras pitan w, wayòm ou an k pou akeyi m

VOUS LISEZ
Hayti
PoetryKèk grenn mo, m kole ansanm pou eseye dekri fristrasyon anachik site m abite an enspire mwen...