M reveye maten an la, san lespwa
Se toujou menm vizaj la k nan miwa
Jenou atèf, m di w mèsi granmèt, ou ki Wa
Menm lè “ça va pas” nan ou m ap toujou gen lafwaMove nouvèl ap tonbe tankou grenn lapli
Lanmò ap miltipliye, wi n ap soufri !
Menm si w anndan lakay ou, kwè m ou pa alabri
Twòp san koule pa bò isit, pèp la anemiM wont, pou m di m ap viv nan yon peyi
Kote, gen mwens sitwayen, gen plis bandi
Yo pa legal, e yo san plak nan tout lari
Y ap mache fè krim, epi yo ret enpiniBri bal ranplase son krikèt fè n pa dòmi
Tout ti jèn nou yo san rèv, twòp ensomni
Mizè, pwoblèm ensekirite fè tèt nou pati
Wi mwen fou, nou fou, Hayti peyi foliNan peyi n, kidnapin fin tounen yon “effet d'mode”
Tèlman gen Gang, si w pran mare yo w pap gen ase kòd
Tout moun gen foli pouvwa, tout anvi pase lòd
Yo bliye si yo se senp mòtèl, yo pa plis ke GODLè n pran manifeste, n tonbe anba bal mèsenè
Yo touye jounalis, pwofesè menm doktè
Kapital peyi m fin tounen yon simetyè
Ann gad eta peyi n kounya, di m si nou fyèHein! Ou fyè?
lè w wè pitan w paka al nan inivèsite
Lè kòb w ap touche nan travay ou paka ba w manje
Moun ap mouri lopital koz pa gen elektrisite
Kòb meriken ap moute, pri pwodui yo ap ogmanteLedikasyon se kle siksè, men seri yo chanje
E pou Leta peyi n, li pa menm yon priyorite
Avni jenès lan kakatik, li fin deprave
Tout Enstitisyon sosyal yo nèt fin abandoneKounya se krèy tout lajounen
Tout timoun lage nan pl*m*n
Se bòz ak chicha k ap fimen
Tatou ak pèsin k ap mennenSi m kontinye kwè nan chanjman
èske m f**t fou ?
Hayti, peyi dezagreman,
pwoblèm fè n souM anvi rayi l, men san m lye ak tè sa a
Nou ase priye pou chanjman, kilè n ap wè sa a !
Li lè, li tan pou n travay men nan men pou n fè sa a
Depi nou vle, nou kapab, mwen m kwè sa aM konn nou pran di m twò jèn,
pou m ap fè konsyans nou
Men sa ta dwe bann lapèn,
koz lavi n san sans tou ...

VOUS LISEZ
Hayti
PoetryKèk grenn mo, m kole ansanm pou eseye dekri fristrasyon anachik site m abite an enspire mwen...