M reyalize isi ba, pa gen pèsòn k ap janm pafè
W ap jwenn plis moun rayi w ke renmen w, pe enpòt byen w ta fè
E devan silans ou, pawòl lòt yo pa g ankenn efè
Men si n pa egal ego, pa gen 'kenn rezon pou n di n se frè
Nou bay plis valè pou sak nan pòch, ke pou sak gen nan tèt
Pifò nan nou fin pèdi larezon, n konpòte n tankou bèt
Si elèv la ap aprann yon lòt elèv, èske sa fè l vin mèt ?!
Si verite a ekri nwa sou blan, pou wè l èske w bezwen linèt ?!
Fè wè pa dire, se sak fè m pa moutre n si m gen BonDye
Li di m sou li pou m konte, e pa sispann priye
M aprann tou se pa bèl pawòl, men se fè aksyon an ki konte
Pa janm fè pwomès ou pap kenbe, si tout bon w gen wonte
Toujou bay lanmou, ak sila a ki bawou li an retou
Pwoteje tout sak konte pou ou, menm an depi de tou
Pa janm panse ak kòd la, menm si lavi a ba w degou
Men panse ak God la e kanpe fay, menm si lavi a ba w de kou...

VOUS LISEZ
Hayti
PoetryKèk grenn mo, m kole ansanm pou eseye dekri fristrasyon anachik site m abite an enspire mwen...