Si pafwa ou wè je m plen dlo mwen ba w vizaj tris.
Se paske kè m brise tankou asyet emaye ki tonbe.
Lè m di m renmen'w, mwen pap kite w zanmi m yo ri m.
Yo menm pran m pou moun fou, men se fou mwen fou vre, kijan m ta fè renmen yon fanm ki fini?Mwen konn jalou, lè sa k te la avan m ap di m jan w te dous.
Mwen kriye fè grimas, lè dlo nan je m vle neye kè m, mwen sèmante tonnèboulem m ap fout kite w.
Men chak fwa kè m bat olyel diminye, li makònen lespri m ak ou, e fè m renmen w plisPoukisa ou konnen mwen pap gen yon avni avè w, w al fè m renmen w?
Poukisa ou kite tout lòt yo ale epi ou kembe men m?
Men, di m di se sòt mwen sòt, kifè tout moun ap pran vire ale, epi mwen se men w m anvi mande pou mwen marye.Mwen pa vle w panc mwen avèw paske m pa k ale
Men se paske avè w nanm mwen, lespri m makònen tankou krab devan katedral, menm si chak jou nan zorey mwen m pa sispann tande bri bal.
Mwen swete wa padonem sim trompe w, men konnen avèw map toujou rete marye, tankou soulye ak plan pye.
LIVREM😊

VOUS LISEZ
Mon Petit Carnet De Poesie
Poetryce livre est consacré à la publication de mes poésies et citations.