Roz bèl ti flè mwen, pran men m, kite m menen w kote solèy pa jan m kouche vre.
Yon kote tankou peche pat egziste vre.
Mwen avè w anba je laline na danse yanvalou, fè lanmou jouk tan nou fou.Kite m santi gou w k ap koule nan bouche mwen.
Tanku sik kap fonn sou lèv mwen.
Kote kò m pa p pou mwen ankò, men l ap rele w chè mèt, chè metrès.
Nan zòrèy ou lè sa bon, ma rele w manmi, menm rele w metrès.Tanku lawouze mwen anvi kite swe m sou ou.
Bouch mwen nan zòrèy ou, k ap di w ou dous plis ke siwo myèl.
Kite m mennen w cheri jis nan setyèm syèl.
Tout plezi m se tande w kap di m, fe m sa w vle papi, aswèya tout mwen menm se pou ou.

VOUS LISEZ
Mon Petit Carnet De Poesie
Poetryce livre est consacré à la publication de mes poésies et citations.