3.3 Ou se

101 10 13
                                    

Pwason nan nas mwen
Dlo lavalas mwen
Lwa bitasyon mwen
Gras liminasyon mwen
Rasin mapou mwen
Met kalfou mwen
Dousè nan fyèl mwen
Rezon tout dyèl mwen
Tanbou nan dans mwen
Lawouyòn jwisans mwen
Chaplè nevèn mwen
Sous tout devèn mwen
Malèpandye mwen
Sovè, aprè Dye mwen
Gras lamizèrikòd! Mouchwa m sere
M ap tann
Tout jan sa ye
M ap prann
Pa vin fè plim poul tounen mapou
Ni vannen nan laye sa w pa ye
Jis di m pou ou
Kisa m ye

S.L.M.C aka Dona-Khassy2

D'eau et d'encre _ofisyèl_Où les histoires vivent. Découvrez maintenant