Limàn kazimi(papa gede)

7 0 0
                                    

I-
Si lakansyèl te gen vwa
Si lakansyèl te ka chante
Se tankou limàn li ta chante
Kote limàn pran lavwa
Se yon toubiyon ki leve
Mande pye palmis yo danse
Epòk sa se nan tan bisantnè
Si ou fèt avanyè ou paka konnen
Kijan ayisyen te fou pou li
Kijan yo te renmen " Limàn kazimi"

Yon tifi yon ti kòmè pwovens
Ki vini pòtoprens
Ki Vinn chèche lavi
Yon tifi san fanmi k san zanmi
Yon gita anba bral
ak yon espwa nan vwal
Lèl kanpe lèl kanpe poul chante
Wosiyòl kap pase vinn poze pou tande
Se konsa detwa jou pa pase
Nan lakou bwavèna se de li yap pale

Nan yon ti kay san limyè
Kite nan lakou fò senklè
Gen yon tifi ki pwatrinen
Se la yo vinn remizel
Gen yon sèl moun kap okipel
E se pa toulèjoul vini
Se detwa timoun nan vwazinay
Ki konn fè ti koutay
Pou ba li manje
Men fòw konnen se yo k dènye zanmi
Se yo k dènye fanmi limàn kazimi

Lèl mouri antèmanl ap chante
Tout moun li te sèvi
yo youn pat prezante
E se te yon jounen san solèy
Syèl la tape kriye tout nyaj yo t andèy
Pye lorye kite sou plas sentàn
Yo pliye yo panche pou yo salye limàn
E nan van nan van ki tap pase
Gen moun ki fè sèman yo tandel
Ap chante

Papa gede bèl gason
Gede nibo bèl gason
Abiye tout anblan
Pou lal monte nan palè
Papa gede bèl gason
Gede nibo bèl gason
Abiye tout anblan
Pou lal monte nan palè
Lèl abiye tout anblan
Li pòtrè yon depite
Lèl abiye tout annwa
Li pòtrè yon senatè
Lèl abiye tout anblan
Li pòtrè yon depite
Lèl abiye tout annwa
Li pòtre yon senatè

Woyy papa gede adye
Gede nibo
Woyy papa gede adye gede nibo

Papa gede bèl gason !

 Paroles de musique haïtiennesOù les histoires vivent. Découvrez maintenant