Istwa dwòl-Belo

3 0 0
                                    

Istwa 5 jen gason ki pran lanmè
Kale chèche kibò lavi fè kwen
Nèg sa yo te gentan bout ak mizè
Y'oblije pati kite fanmi lwen
Yo pat menm gen yon destinasyon
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van
Nan tèt yo te gen yon sèl vizyon
Kite ayiti fè kap yo pran van pou yale

Ouhou ouhou ouhouhou yo finn ale

Jou ap pase neg yo sou dlo dezespwa te anvayi yo
Pa gen manje pa menm gen dlo
Kè sote te anpare yo
Gen youn ki di pase poul ta tounen
Li ta pito lage kò'l bay reken
Li jèn li nan peyil li gen de men
Chak jou solèy la level jwenn li pap fè anyen

Ouhou ouhou ouhouhou madanm kap plenyen
Ouhou ouhou ouhouhou timoun kap plenyen

Nèg sa yo menm jan avem yo te renmen ayiti toma anpil
Yo te toujou nan lapenn lavi pou nèg sa yo pat fasil
Yo te obilje ale lavichè lamizè
Pouse do yo ale

Solo.........

Peyizan ale,ale
Komèsan ale , ale
Atizan ale,ale
Se peyi a kap kraze
Moun anwo ale,ale
Machann dlo ale,ale
Neg geto ale yale
Ata ti zanj yo al
Komèsan ale
Pwofesè ale ale
Citaden ale
Mizisyen yo finn ale vre

Ouhou heeeheee
Neg sa yo pat gen chans

 Paroles de musique haïtiennesOù les histoires vivent. Découvrez maintenant