Asefi- Fantom

1 0 0
                                    

Sa asefi pat konprann
Vitès ak presipitasyon pat janm antann
Men kounya li pran kabann
Pa gen okenn gason ki vinn mandel sa lap vann

Asefi o sefi o
Gad kijan laviw pase
Natali o tali o
Gad kijan avniw gache

Se istwa yon bèl tifi ke yo rele Natali
Manmanl te rele Asefi li te soti jeremi
Vinn pòtoprens pou chèche lavi avek tout fòs li san kel potko menm konnen ki kotl ta pral dòmi.
Bon chans pou lil rankontre yon zanmil te genyen lontan
Ke li pat janm wè sa te genyen plus pase menm 15 an
Li rale souf li pou perèz li l t jwenn soulajman paske zanmi an te dil lap pranl lakay li pou nuit lan .
Paket sou tèt men nan men yo tou de tap mache youn tap mande lot sak pase kijan lòt moun yo ye rive nan kay la li chita li mande ti gout dlo mpral montrew kijan lavi li ta pral blo.

Sa Asefi pat konprann
Vitès ak presipitasyon pat janm antann
Men kounya li pran kabann
Pa gen okenn gason ki vinn mandel
Sa lap vann

Asefi o sefi o
Gad kijan lavi w pase
Natali o tali o
Gad kijan avniw gache

A dezan daj li kite Natali sou kont manmanl ki sonw enfim lew ta prale a l te di poul pran sanl
Demenl leve li di zanmi an mèsi m prale zanmi an dil m nan kay la pou kont mwen pitow rete
6mwa pase li poko ka jwenn okenn degaje zanmi an ap bougonnen
Akey la te vinn chanje
On jou matenl deside zanmi poul kesyonel" kisa wap fè kifè tout bagay sa yo w posede"
Zanmi an reponn se sou twotwa mwen al kanpe chak swa ak 20dola
Nenpòt gason k vini mwen pa gen chwa m t vle diw sa siw vle map entegrew nan metyem nan
Asefi san reflechi di ke se te dènye espwal

Jou ap pase mwa ap pase
Asefi tap byen brase
Voye lajan jeremi fè bouch fanmi an ka brase.
Li deraye mand anranje tout gason se li yo vle fè enpridans ak lavil dèfwa tèt lil pat pwoteje
1an pase 2an pase
Malèz yo te kòmanse
Vomisman tèt fè mal lafyèv dèfwa konn metel kouche
Li gen dyare lap desose sou li bouton pran pete kounya lè li al travay yo pa mandel sa li pote.

Asefi vinn pat ka fè ankò
Menm zanmi an vinn pat bal bò
Li t gentan metel deyò
Asefi sanble ak yon mò
Malgré sa l still al travay li pa jwenn poul tou l pa jwenn pay
Nan makrèl li dòmi koz li pa gen kay
Ak fatig yo lap batay
Yon joul leve l benyen l met rad sou li pou li al frape
Ouvè pòt la met pyel deyò rapid Asefi tonbe moun kap pase kouri pranl
Mennenl lopital jeneral pou yo wè si ya bal swen pou l fè yon tchekop jeneral
Doktè vini san pran tan tcheke suk tcheke tansion gadonw move sansasyon pozel kesyon kote paranl pou yo ka bal rezilta lèl mande kisal genyen yo di madanm ou gen sida
W gen sida.

 Paroles de musique haïtiennesOù les histoires vivent. Découvrez maintenant