Bezwenw Mennaj- wanito

1 0 0
                                    

Bezwonw mennaj ki pa gen mennaj
Bezwonw mennaj kap gonw sel mennaj
Bezwonw mennaj yon timoun trè saj
Bezwonw mennaj ki pap fè tapaj (bis)

Mezanmi mwen fatige fanm sa se pa pou mwen li ye
Ankachèt nou konn rankontre
N konn fè ti bo n fè ti koze
Santim bouke lèl maril paret
Pou moblije ap vole nan fenèt
Santim bouke kouri a kalson
Vwazinaj ap di gade mizew jenn gason
Santim bouke nan pran poto
Ap bat seren ap tann misye dodo
Santim bouke lè manvi trip
Li di l pa kapab paske misye isit
Li pa ka dòmi deyo
Si misye pa al andeyò moblije dako
Li dim se pou lavi miyò
Lavi anje nan bagay sa chaje danje
Neg konn tiye pou fanm yo yo pa negosye.

Bezwonw mennaj ki pa gen mennaj
Bezwonw mennaj kap gonw sèl mennaj
Bezwonw mennaj yon timoun trè saj
Bezwonw mennaj ki pap fè tapaj (bis)
            
             -2-
Eh tout jwèt se jwèt
Kase kou pa ladann
Zafè vinn lakay ou a cheri mwen pa ladann
Se sam fel aprnn
Menl pa vle konprann
Santim bouke lè telefon sone
Li dim pa pale koz se misye ki rele
Menm si touse kenbe mwen
Baye kenbe mwen
Mwen pa ka fè bri
Paskem pa vle yo kenbe mwen
Santim bouke kache anba kabann
Lè yap voye soulye li pran m tout anba gagann
Resò nan do mwen
Kabann peze mwen
Mwen pa ka fè bri paskem pa vle yo kenbe mwen
Mwen  pa fouti sot deyò
Toutan misye pat met deyò
Wanito antò
Franchement mwen poko prè pou lanmò
La vim an je nan bagay sa chaje danje
Neg konn tire pou fanm yo
Yo pa negosye

                -3-
Tankou fanm sa fanm sa sou pol li pa vle m fè koka
Li di pa fè sa pa fè sa
Map metel nan cho pita avek mesye a
Eskizem mesye mpat konnen mesye
Mte pansem te gonw mennaj yon mennaj ki pa gen mennaj mesye
Chapoba pouw mesye
I'm sorry mesye
M bzwnenw mennaj yon mennaj tande...

Ou ka gonw mennaj lap baw presyon fè jalouzi poutan li gonw lot mennaj
Lap baw presyon fè jalouzi lot la tou l gonw  lot mennaj kap bal presyon fè jalouzi
Se yon anchenman mennaj kap bay presyon fè jalouzi

Mbezwonw mennaj naj ki pa gen mennaj naj kap gonw sel mennaj
Edem chache svp
Eske map jwenn silvoplè
Mbezonw mennaj naj ki pa gen mennaj naj kap gonw sel mennaj
Kote map jwenn silvouplè.

 Paroles de musique haïtiennesOù les histoires vivent. Découvrez maintenant