Ayiti se-Mikaben

7 0 0
                                    

Ayiti se bèl lanmè
Se bel montay ak bel rivyè
Se bel plaj ak pye kokoye
Bel peyizaj ak bel koulè
Ayiti se sant kafe kap monte nan nen'm le maten
Se sant lawouze k fek poze
Pou flè dizè ka boujonnen

Ayiti se basen ble kaskad pichon avek sodo
Se akaden la citadelle
Se labadi ak marigo
Ayiti se lavale se pòsali ak zabriko
Se mòn lasèl pik makaya
Se mamlad ak mòn pilboro

Ayiti sonw dous makòs se yon ponyen pistach griye
Sonw ji kole ki pou banm fòs
Sonw boutèy kola byen glase
Ayiti sonw bon griyo
Sonw bon fritay on bon taso
Sonw bon legim avek sirik
Yon bon diri avek lalo

Ayiti sonw bon bouyon
Sonw joup joumou ak tout piman
Sonw bon kasav avek manba ou ka tranpe nan akasan
Ayiti sonw bon dòbwèy kap marinen nan bon sòs pwa
Sonw bwa kochon yon bon kleren
Ayiti sonw bon kafe diswa

Ayiti chéri pou jan mwen renmenw
Mwen vinn depoze ti kè mwen nan menw
Ayiti chéri pou janm adorew
Pa gen anyen kap janm fè mwen kitew(2x)

Ayiti sonw bel mizik sonw bann apye sonw twoubadou
Sonw son kata seremoni
Yon son kwachi yon son tanbou
Ayiti se tè ogou se tè zansèt kite pou nou se la lesklavaj taboli
Sonw tè libète ak vodou

Ayiti se festival se ti sourit se fet chanpèt se animasyon nan kanaval se yon ti zile k pa janm frèt
Ayiti sonw bon bezik
Sonw domino sonw bon twasèt
Sonw reveyon kote ki gen bouyon se la k gen kenbe tèt

Ayiti se yon konbit peyizan kap seklè latè se ti machann yo kap desann pou yal goumen ak lavichè
Ayiti se timoon yo kap reve de yon bèl avni se dlo rigòl la kap desann p konn kotl pral ateri

Ayiti se anba tant depi aprè douz janvye sonw labou k levonw move sant chak lonw ti lapli finn tonbe
Ayiti se sou beton pou konn la vrè reyalite se youn ki tris men gras a dye se pa li sèlman ka chante

Ayiti chéri pou jan mwen renmenw
Mwen vinn depoze ti kè mwen nan menw
Ayiti chéri pou jan madorew pa gen anyen kap janm fè mwen kitew(2x)

Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè sonw fanm ki janm yon fanm vanyan menm sil konnen li pa pafè
Ayiti se yon bèl fanm ki menm sil pase anpil mizè li toujou fonw janl ranje kol pou tout pitit li toujou fyè

Ayiti se tout bagay sa yo ki fè ke nou renmenw e menm si wout la long konnen map toujou la poum kenbe menw
Ayiti chéri w met kwè pa gen anyen kap fèm kitew map toujou la pou ou chéri kite mizik sa dolotew....
Pap janm kitew

 Paroles de musique haïtiennesOù les histoires vivent. Découvrez maintenant