Chapitre 10

48 10 0
                                    


Jeff: si se pou mal viv janm wè moun marye ap viv anba zyem nan la franchman mprefere mouri selibatè.😒😒😕😕

Jefferson finn bay replik sa, li tou monte al nan chanm li.

Gladiah wont, li gade David.

David: sa sonnen klè!  E pitit papal!

Gladiah twazel.

David: ou wè pitit ou yo pa inyoran? Yo gen zye pou yo wè.

Gladiah: pou yo wè kisa? Kem pa gen yon mari ki renmenm? Ke nou ap dòmi separe depi de lane?

David: mwen fèl paskew meritel Gladiah. Ou te janm te bezwenm? Sim pran ekri tout saw fè, mpap jwenn ase kaye poum mete yo. Mprefere kenbe yo pou mwen.

Gladiah: oh oui...bien sûr, paske se mwen ki pa bon. Tout sak pa bon se mwen yo sanble e se mwen ki toujou gen tort.

David: machè...mal dòmi, mkite la pou ou. Wa fè saw vle ak ide san valè ou yo.

     David al nan chanm li e li resevwa yon appel de Margalie.

David: allo!

Margarlie: mr Collin. Kòmanw ye?

David: mwen anfòm Marga e ou menm?

Margalie: mwen byen wi, mpap kenbew twòp non. Mkòmanse jwenn kèlke piste pou rechèch ou yo... Mwen relew poum fèw konnen ke moun nap chèche a se pa yon gason men se pito yon jeune femme de 25 ans.

David: ah bon! Bonne nouvelle! Eseye par tous les moyens pouw metem an kontak avèl.

Margalie: konte sou mwen. Pase yon bon lannwit.

David: ou menm tou!

David kouche sou kabann nan, li kontan.

   
       ❇Nan menm swa sa, Paola resevwa yon appel de Edwins ki ap vide pawòl sou li poul ta sedwil. Bethina kouche sou vant bò kotel, de pye anlè lap tande sa kap pale yo epi lap toufe ak ri a chak enstan.

Edwins: ou panse ke map gen chans poum ta wèw a de yon jou?

Paola: à deux? Pourquoi?

Edwins: jis pou nou pale un peu plus epi pou youn aprann konn lòt. Wap vinn nan club la samdi?

Paola: mswete pap gen enkonvenyan poum ta vini. Nap wè la.

Edwins: oh wawww! Jis samdi? Mpap ka tann!

Paola: quelle envie pressante! Je vais finir par céder face à tes mots.

Edwins: c'est tout ce que je souhaite!

Bethina teke Paola epil fèl siy poul ka raplel ke lòt mesye yo konnenl. Paola reprann tèt li

Paola: wap oblije tann samdi paske map gen okipasyon pandan jours sa yo, mwen gen kèk bagay map regle.

Edwins: ah...ebyen ok.

Paola: passe une bonne nuit!

Edwins: tu me laisses déjà???

Paola: oui...j'ai un formulaire à remplir.

Edwins: dors bien chère!

Paola: merci!

Paola rakwoche

Bethina: eyyy apaw santi pouw bay nèg la espwa?

Paola: mezanmi pitit oh! Mbliye sim te bay vag ak plan B an. Bay manti tèlman dous! 😂😂

Bethina: mèwi. Kote sa pwal anmè a se lè verite a pwal eklate a.

Paola: mpap panse ak jou sa. Map aji je fèmen. Epam pa janm tande Moly toujou!

PaolaOù les histoires vivent. Découvrez maintenant