🌸🌺MA SOEUR UNE RIVALE🌺🌸
🌺Ep.8🌺
⭕⭕Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)
🌸💮🌺Episode 8🌺🌸💮
Aprè Sherlie finn pale ak Kerby, li tou antre lakay li dwat epil ap pale poukont li.Sherlie: oh là là! Gad janm ap mache nan lari a epi trois cent dollars US mache vinn jwenn mwen. Epi pou yon moun dim chita bay? Non non...menm sim pa bezwen anyen nan lari a fòk mwen soti.
Sherlie pat remake si Jerry te kanpe bò pyebwa a lap tandel.
Jerry: ou ta banm san dola nan kòb la.
Sherlie: oh Jerry apaw te la...mkonnenw soti wi.
Jerry: mla wi janw ka remakel la.
Sherlie: hummm ok.
Sherlie ta pwal ajoute yon lòt bagay lèl wè yon demwazèl soti anndan kay la epil di Jerry.
..: ann ale non chéri.
Jerry: ok manmi.
Yo monte machinn nan epi Jerry demare.
Sherlie kanpe lap gade toujou.
Sherlie: rete! Yo genlè pran nèg la nan menm?
Sherlie soti lal gade yo ki prale. Apresa li antre epil fèmen pòt la.
Sherlie: ooh! An...ah non, fòk mwen leve pyem. Mpap kite nèg sa ale oh! Jamais!
Li antre anndan an li al nan chanm li, li chanjel. Epil veye moun li pran doub kle kay la li al ouvri pòt chanm Jerry li antre lal kouche poul dòmi.
🛑Jerry te al lakay mennaj li avèl. Lè yo rive yo chita.
Christelle: demwazèl mte wè a se nan kay la li rete tou?
Jerry: wi bb poukisa?
Christelle: anyen. Mkonn wèl wi lèm al nan bank sou lalue a.
Jerry: an ok...banm diw, semaine sa mpap tèlman gen tan non mgen anpil bagay poum regle menm ap toujou kreye yon ti tan poum pase wèw.
Christelle: bb kilè nap marye?
Jerry: bon...mpa konnen chéri. Mpa konn sa lavi nou rezève pou nou.
Christelle: èske ou pa gen lòt fi?
Jerry: mwen pa gen tan pou bagay sa yo...se raman mwen gen yon ti tan poum soufle. Sa yo pa nan mwen menm. E ou menm, ou gen lòt moun?
Christelle: non.
Christelle lage non sèk sa ak rezon. Paske li gen Jerry e li gen yon lòt moun ki la pou lè Jerry okipe. Men se Jerry li renmen plis e se avèl li ta renmen pase tout vie'l.
🌺Eric pase wè Carla lakay li a, li te apènn ap antre. Yo tou al chita nan chanm nan pou yo pale.
Eric: kotew te ye le bb?
Carla: kay Steph la mwen soti wi. Mpat diw sim ap soti, dezole.
Eric: hum ok. Ey...li toujou nan pale ak Wendy? Kòman sa ye ant yo?
Carla: lolll bon se zanmiw epiw pa mandel bb, mpap okipew.
Eric: ah non baby...mpa janm sonje poum mandel sa. Malgre si yo te ansanm mtap konnen sa. Mjis mande kanmèm.
Carla: yo toujou pale, fè ti soti ansanm. Yo pa ansanm non, se toujou an zanmi.
Bae, jodia Sherlie menasem sim anmedel li ka fèm pa wè jou maryaj sa.

VOUS LISEZ
Ma Soeur, une Rivale
FanfictionSi la liberté grise, la famille rassure. Plus étroits que ceux du sang et de la famille sont les liens de l'amitié. Les liens du sang ont une force étrange, et dans les malheurs il n'y a rien qui vaille l'affection d'un parent. Un simple manque d'am...