📚MA SOEUR UNE RIVALE📚
✏️Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)
📖Episode 22
📚💕💕💕💕💕💕💕
🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨
Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
💗💗💗💠Dayou rive lakay li, li jwenn Jay chita ak yon vè champagne nan menl.
Li sispèk, men li al bol, li chita nan pyel.Dayou: baby...epaw vini epiw pa dim wap vini.
Jay: mgranmoun, mpanse mka soti e vini lèm vle san avèti moun, san pèmisyon pèsonn piske se mwenk dirije isi a.
Dayou: poukisa tout bagay sa cheri? Mjis te anviw fèm konnen, mtap prepare bon ti manje kite pou ou.
Jay fè kòmsil pa tande sal di an
Jay: premye fwa ou chita nan pyem wi, sak pase?
Dayou: anyen cheri! Mte sonjew papi!
Jay: femme audacieuse! Hum...wout ki mennen kay Christelle la genlè vinn pi long, ou pran anpil tan...
Dayou: te gen blokis!
Jay: ou konn sam renmen avèw? Ou renmen bay manti menw pa konn kòman pou retire tèt ou nan yon sitiyasyon anbarasant ni ki mo pouw anplwaye pouw ka defann ou.
Dayou: ki manti mba ou cheri? Mrenmenw anpil wi, mpa janm baw manti!
Jay pran yon anvlòp nan pòch vès li, li lonjel bay Dayou.
Dayou annit gade premye foto an kòl fremi.Dayou: Jay...kotew jwenn ak foto sa yo? Kiyès ki fè yo?
Jay leve, li met vè an la.
Jay: bonne nuit ma très chère épouse.
Jay ap soti poul ale, Dayou soti dèyèl.
Dayou: Jay...pa dim ou kwè nan foto sa yo?
Jay kanpe
Jay: ou vle dim yo pa bon?
Dayou: la syans avanse cheri, petèt ke se yon moun ki rayim kifèl. Epitou ou pa fèm konfyans, kòmanw fè mete moun ap veyem nan Jay? Poukisa?
Jay: mkonnenm gen mayi nan solèy, fòk mwen kite moun pou kouri dèyè poul wi. E nèg sa kap montew lan mkonnenl.
Dayou: cheri...mpa konnenl non. Bondye tandem!
Jay: male! Al benyen epi pran yon paracetamol pouw ka sispann depale. Quelques heures avan sa li te sou vant ou kounya ou gentan pa konnenl. Dayou, bay sa vag! Pawòl la pale, ou mèt poze pouw tann santans ou. Male!
Dayou: kotew pwal dòmi la cheri?
Men kay ou ak madanm ou la, ou paka al deyò.Jay: vle pa vle menm janw te jwenn de bra pou akeyiw lèm pat la a, map jwenn de bra pou akeyim tou aswè a.
Dayou: an ou gen lòt fanm epiw ap pran pòz bagay ou la? Jay...ou pap soti non, wap rete avèm aswè a.
Jay gadel epil monte machinn li, li ale. Gadyen yo fèmen baryè a epi yo antre lakay yo.
💠 A 8h di swa, Kimy tande pòt li frape. Li al ouvril li wè se Cassy.
Kimy: hello!
Cassy: ti rad ou te mandem nn mpote pou ou wi kouz!
Kimy: mèsi pitit! Banm al manje, mgrangou, Yon ti ji blende mwen apenn sot fè la wi. Mpwal desann li ak yon ti pen.
Cassy: bagay malerèz nèt...ji blende ak pen.
![](https://img.wattpad.com/cover/235739509-288-k587383.jpg)
VOUS LISEZ
Ma Soeur, une Rivale
FanficSi la liberté grise, la famille rassure. Plus étroits que ceux du sang et de la famille sont les liens de l'amitié. Les liens du sang ont une force étrange, et dans les malheurs il n'y a rien qui vaille l'affection d'un parent. Un simple manque d'am...