🌼🌼MA SOEUR UNE RIVALE🌼🌼
🌴Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)
🌼🌼Episode 17
🌴❤️🌳🌳🌳🌳🌳❤️🌴
🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨
Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
🌸🌼❇️
Sherlie fè nwit lan li pa dòmi, lap panse ak beze Jerry resi ba li san zatann lan, men malgre sa misye vire li kitel kanpe san pale avèl.
Sherlie: ou kwè li ta renmenm vre??? Janm wè an la...mpa lwen pranl non. Fòk mwen kontinye lite poum genyenl. Sjtou mwen wè fanm yo relw Christelle lan finn awoyo li bezwen tounen avèl...toutotan mwen vivan, sa pap fèt! Gade Stephania li menm, li gentan tèlman alèz ak nèg li, lap vinn dòmi avèl. Konsa manvi dòmi ak Jerry tou. Sof ke li poko nèg mwen. Msanti sa ap rive nan yon tan ki pa twò long. Steph paka ap byen pase epi mwen menm poum nan benyen chen.
Telefòn Sherlie pran sone, li gade li wè se nimewo Julio.
Lèl gade lè an, li wè li minuit.Sherlie: sosyete lougawou, bonjour!
Julio fè yon soupi
Julio: poukisa se konsaw chwazi reponn?
Sherlie: mwen oblije reponn konsa...paske mpata kwè siw pa konnen map travay nan sosyete lougawou...pouw ta ap relem a lè sa. Mpa konnen mnan deal avèw. Mka konn rezon kifèw deranjem nan?
Julio: Stephania rantre?
Sherlie: mpanse ou konn nimewol, ou ka relel pouw konnen sil la. Mpa sekretè nou non, ni ajan sekirite nou.
Julio: li blokem...mjis vle konnen sil antre...ok?
Sherlie: baisse le ton, Julio! Li la. E sil blokew, sa vle di ke li pa bezwen konn anyen de ou ankò, bliyel. Li gen yon lòt vie lap mennen. Ou menm, ou rete dans le passé.
Julio: wap ouvè kòw sou mwen, ou fè kòmi se byen ou vle pou li vrèman. Epitou, ou bliye saw fè an?
Sherlie: kisam fè? Mwen pran afèw?
Julio: Sherlie...pozew tande. Level wap pran an twòp pou ou.
Sherlie: egriw egri wi!
Julio: ou pa konsyan de dega ou kreye nan mwen an Sherlie? Ou antre lakay mwen san frape, ou akizem de kidnapping, ou menasem ak kouto e ou koz fanm nan kitem. Paskel pansem se yon move moun.
Sherlie ri
Sherlie: ah bon! Sim konnen mte menasel ak kouto a tou pou chak lèl wèw li ta kouri al kache.
Kilèm te kitew pouw te gentan ranplasem nan? Se revoke imedya, ranplase imedya?Julio: sa yo pa konsènew ankò. Mte damou sèw, ou fèm kitel poum vinn jwenn ou, fèl pase pou pa bon alòske ou pat bezwenm, se sèw ou te bezwen fè mal. Pa gen pwoblèm...egal se mwen yap itilize! Mkonn sa map fè pou ou!
Sherlie: mon cher...foure menas ou yo kotew konnen an! Siw te damoul ou patap twonpel ak pwòp sèl. Se maji mte fè poum te avèw?
Julio: sak pou dim! Ou ka fè tout bagay wi...
Sherlie: Julio...male, mgen dòmi. Kontrèman a ou menm, kabann mwen pa kraze nil pa gen pinèz.
Julio: Sherlie...wa sonje ou retire fanm mwen te renmen an nan menm.
Sherlie: mrenmen lè wap pale au passé konsa wi. Fanm ou te renmen an, sa vle di ou pa renmenl ankò. Kounya kite boudam anrepo. Ou paka jenn gason pouw sanwont konsa! Oww!

VOUS LISEZ
Ma Soeur, une Rivale
FanfictionSi la liberté grise, la famille rassure. Plus étroits que ceux du sang et de la famille sont les liens de l'amitié. Les liens du sang ont une force étrange, et dans les malheurs il n'y a rien qui vaille l'affection d'un parent. Un simple manque d'am...