🌼🌼MA SOEUR UNE RIVALE🌼🌼🌴Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)
🌼🌼Episode 16
🌴❤️🌳🌳🌳🌳🌳❤️🌴
🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨
Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
🌸🌼❇️
Maliah: gad jan medam yo ye, mpanse yo pwal soutnim pou edem jere sa epi se sa yo fè...sam pwal fè ak ti fanm nan???
🔰
Kimy ak Cassy vire yo kite Maliah chita akoz yo tande li kidnape mennaj Wendy an. Medam yo pa vle vinn antrave la, yo deja gen pwoblèm pa yo yap jere epi kounya pou yo ta nan dosye kidnapping. Ti yo menm sa.Maliah pa konn sa poul fè.
Lè Cassy ak Kimy rive pi ba, yo kanpe.Cassy: gad kòmanm sezi mezanmi!
Kimy: elle n'a aucune classe, aucun charme. Pouw renmen ak yon nèg, se mennaj li oubyen madanm li pouw kidnape poul ka tounen vè ou menm? Sa se bagay pou nèg la fout li nan prizon wi.
Cassy: kounya sal pwal fè ak tifi an la? Li pwal tuyel?
Kimy: elam ye map swiv. Ou konn sak pase??? Map retire manzè nan liste Bestie'm lan tande. Sil ka fè sa, li ka fè pi mal...li ka touye moun tou pou nenpòt bagay. Fòk nou bay manzè distans li. Kounya ki vagabon ki dwe rann li sèvis sa la???
Cassy: oh lap jwenn twòp...gen nèg kap rann li sèvis lan pou yon ti ouvè pye sèlman.
Kimy: oufffff!
Kimy pase menl nan figil
Cassy: se vre mrenmen gason anpil, mte konn pran mari moun men mwen te konn fèl avèk klas. Se pa bon li bon non...men si nèg la renmenm lap mache vinn jwenn mwen, se pa maji mpwal fè poum pranl ni fè moun li renmen yo mal. Em pa ankouraje moun pran mari moun tou paske kraze fwaye yon moun pa bèl, ou pa konn konbyen tan li te mete poul konstwil.
Kimy: saw ap banm la??? Ou vle dim ou sispann pran mari moun?
Cassy: oui...mkite bagay sa em fyè poum dil.
Kimy: ou menm sa??? Ou depoze zouti yo, mpa kwè wap bliye metyew vre!
Cassy: se nèg pam map chèche em ap jwenn li. Esak fè si Maliah pata ka met fanm sou li poul pran nèg la...mtap fèl wè mwen pranl. Malerezman li gen mennaj.
Kimy: ki nèg ou ta pwal pran an? Ti duri san pay lan? Ou poko konn saw ap di a...fòk mwen pase yon nwit avèl kanmèm. Nenpòt lèm kwaze avèl nan lari map rive sou li. Sim te konn kay li mtap pase tchekel deja, mtap envante yon istwa kanmèm poum gen kontak li.
Cassy: ou serye? E nèg wap tcheke deja a?
Kimy: ma chère...pou mwen, gason se menm ak lajan...toutotan ou gen plus li pi bon pou ou. Dayè mbezwen kite kay bò isi an.
Cassy: ou bouzen wi!
Kimy: ou se la Vierge Marie ou menm...
Cassy: mpa mande mal pou ou men ou menm se tè kap ranjew wi.
Kimy: ou anvi ranjem kounya? Gade 9, sispann joure 6 pouw ap di pyel kwochi tande...se menm nou menm nan. Pran pòz ou chanje...mpap okipew!
Cassy gadel
Cassy: mantre lakay mwen, mgen dòmi.
Kimy: pita map vinn mang wi...
Cassy: mpap fè manje!

VOUS LISEZ
Ma Soeur, une Rivale
FanfictionSi la liberté grise, la famille rassure. Plus étroits que ceux du sang et de la famille sont les liens de l'amitié. Les liens du sang ont une force étrange, et dans les malheurs il n'y a rien qui vaille l'affection d'un parent. Un simple manque d'am...