Part 35

13 2 0
                                    


                  Am💘ur interdit

                          #Part35

#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/

#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________

-C : 😢kisa'l genla?

-L : leve li leve li di ba'l al kote ou menm ak Rebelle la epi'm wè'l kenbe tèt li, se gran papa'w kifèm wè li pral tonbe mwen gentan kenbe'l pou pare so a.

-C : Bonnie, Bonnie!! 😪Mezanmi men'l pa reyaji non piga'l....

Hannah te touche pati carotide Bonnie ak de dwat li.

-H : li vivan pa enkyete'w mwen santi pouls ap bat men li fèb.

-Raoulio : li senpleman évanoui sekous li resevwa jodia ka mete'l nan eta sa se pa anyen grav, leve'l al mete'l  kouche sou galeri a detache kòsaj la sou li pou'l ka pran ti lè.

Lebon te gade Clyde li dil.

-L : vini ann leve'l.

-R : vin ede yo Wadno.

Yo te leve Bonnie sot nan lakou a al mete'l kouche sou yon sofa ki sou galeri a.

-C : nou dwe ale lopital avèl wi.

-R : non nou paka pran desizyon al lopital avèk timoun moun yo konsa san'n pa gen avi papa'l.

-C : ebyen nap fè yon doktè vini la.

-R : toujou non mwen pa gen zanmi'm isi a ki doktè mwen paka antre enkonu la pandan nou gen yon kadav nan machine nou la, mwen paka antre enkoni nan lakou'm konsa pou evite gen problème ak lajistis isi, panse pito kijan nou pral debarase nou de kadav sa san nou pa mele ak lanmò sa pou pa gen pouswit kont nou.

-C : sa'w vle'm fè nan ka sa kite Bonnie la san'm pa fè anyen pou li?

-R : noblije kite'l kouche la nap swiv li.

-C : e sil pa janm reyaji?

-R : sil pa janm reyaji mwen promèt ou map fè yon bagay, men pou kounya ann pa presipite.

Yvie te vin pran pawòl pou di.

-Y : mwen gen yon ide kisa'k ka pase'l.

Tout moun te atantiv ak sa Yvie vle di a.

-C : kisa'l ye?

-Y : maten an pandan'm te nan kwizin lan avèl li tap fè soup pou nou an, mwen te remake kijan sant grès la te ba'l problèm, li deplase al vomi pandan de fwa mwen pat pran sa pou anyen jiska kounya aprè'l évanoui a.

Tout moun te vire zye gad Clyde ki li menm tou te sispèk aprè sa Yvie di a.

-C : ou panse'l ka....

-Y : mwen poko pote okenn konkluzyon se analiz map fè se pou sa'm di mwen gen yon ide, men si nou vle pi klè e pote yon konklizyon map fè vini yon enfimyè ki zanmi'm la pou'l ka fè test la.

-R : e zanmi sa eske'w fè'l konfyans?

-Y : pa a 100% men sèlsa'm konnen li son moun ke afè moun pa entèrese'l.

-C,gade Raoulio : sa'w di?

-Y : se ou map tann pou'm rele'l.

-R : dakò ou ka fè sa men ou menm Clyde wap sòti avèm pou na'l debarase nou de kadav la li pa dwe ret nan lakou a.

Amour interdit Où les histoires vivent. Découvrez maintenant