Part 45

13 2 0
                                        

Am💘ur interdit

#Part45

#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/

#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________

-H : wi kouzin mwen e'l se....

-L, leve kanpe : mwen se manman'w Clyde.

Tout moun te sou suspens yap tann reyaksyon Clyde.

-C : manman'm?

Dlo te sòti nan zye Lovely, anpil emosyon tap degaje... a rezon paske se yon moman li tap veye lontan ki rive la.

-L : wi se mwen ki manman'w.

-H : Lovely se kouzin mwen nyès manman'm, li se lyen ki ini mwen avèw kite fè'm gen lanmou sa pou ou lè'm kwaze avèw nan kay la.

-C :....

-L : se yon moman mwen te reve lontan pou'm te wè kilè pou'm kanpe devan'w pou'm avwe'w ke se mwen ki manman'w, enfin jou sa rive.

-C :....

-L : di yon mo Clyde m'pa dakò silans sa.

-C : fon ti eskize'm.

Clyde te sòti, Lovely te vini pou sòti dèyè'l men matant li Nadia te kenbe'l.

-L : Clyde vini.

-N, kenbe men'l : non vini Love.

-L : 😭matant li genlè pa vle'm pou manman'l non.

-N : oh non cheri pa di sa, li senpleman bezwen tan pou'l dijere nouvèl la.

-H : banm al pale avèl.

-N : wi Hannah al fè sa, ou menm Love vin chita pito, se Hannah ki ka al pale avèl.

Hannah te sòti swiv Clyde vre li ta'l jwenn li ki chita sou yon delco ki pa dèyè kay la.

-H : mwen ka chita kote'w?

-C : chita non.

-H : mèsi, sa'w genla menm kouz?

-C : 😡mwen santi'm gen yon anvi leve Ralf pou'm retire'l ankò men sa'm genyen.

-H : li deja mouri cheri.

-C : Hannah eske'w ka imajine'w kijan'm santi'm lè'm resi dekouvri vrè manman'm pou'm wè se yon moun mwen te antre lakay li pou'm tiye'l sou lòd Ralf, ki tap fè'm tiye pròp manman'm.

-H : men sa pat rive fèt pa bay tèt ou problme.

-C : fè tantativ la sèlman sufi pou fè'm santi'm mal, jou sa li te gentan konnen'm se pitit li?

-H : non li potko konnen.

-C : wè li sak du a malgre mwen ta'l eseye tiye'l li menm lavi'm te nan men'l malgresa li epanye'm li pat dakò nèg sa yo tiye'm.

-H : yo pa tap tiye'w paske sete Wadno kite anchaj misyon sa lè sa, lè'm aprann sa se mwen kite gentan anonse yo sa pou'w pat rive tiye pròp manman'w, montre'w yap tiye'w la se te yon fake se paske yo te gentan konnen Lovely pap gen kè pou kite tiye'w, yo te vle 'w tire yon leson de sa kou de gran père.

-C : nan ka sa leson sa te reyisi paske se aprè jès sa mwen te deside bay vag ak òganizasyon Ralf la...si'm pa gen lanmò manman'm sou konsyans mwen jounen jodia a se akoz de ou.

-H : se te devwa'm mwen fè sa.

-C : hummm.

-H : kounya se pa rete lamante sò'w la men se met kran pou'w pale avèl yon bagay ke'l anvi nan moman an, pandan'w ap plenyen pou sak te pase a li'l ap plenyen pou prezan an la paske nan lespri'l jan'w sòti a li panse se paske ou pa renmen'l pou manman, montre'l se kontrè met yon ti kè kontan nan kè'l aprè tout ane sa yo li fè san ou,pou tout sa'l renonse etazini pou'l antre vin chache'w isi.

Amour interdit Où les histoires vivent. Découvrez maintenant