📖__________________________________✍🏽Am💘ur interdit
#Part20
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________Like avan'w li toujou sonje sa, lè'w fin li kite yon ti kòmantè, swa yo ti mèsi, oubyen di kijan'w konprann pati sa, pataje'l, tag yon zanmi'w fè'l vin li avè'w.
Si nou wè'm pat lage yè se pat fòt mwen se paske'm te antre te fatigue mwen fè yon jounen nan tounaj ''Humiliation d'une mère'' ki gen pou sòti pa twò lontan.
Mwen pat gentan korije pati sa tou pou si'n wè gen kèk erè ki repete souvan ladan'l se nan tape.
-R : paske moun sa ki te vin tiye'w la se pitit ou Lovely.
-L, sezi : 😲
-A&M : kisa? 😲
-A : ale kouri kenbe'l cheri.
Lovely te vini pou'l al tonbe men Raoulio te gentan kenbe'l.
-L : non mwen byen wi.
-R : non ou pa byen ale chita.
Raoulio te soutni Lovely pou'l mete'l chita, aprè'l fin chita dlo te pran koule nan zye'l.
-L : 😭pitit mwen.
-R : wi li se pitit ou menm ak Yavoo ke yo te chanje nan lopital la.
-A : ki bagay sa, ki malediksyon ki tonbe sou fanmi nou an la mezanmi?, sil se pitit li poukisa'l vin tiye'l?
-M : sa vle di Lovely te gen rezon depi au début lè'l te di mwen ak Yavoo yo te vizaj pitit la te chanje a, men se nou kite ase bèt nou pat prete atasyon ak sa'l di a?
-R : wi li te gen rezon depi lontan sa.
-A : 😔sa vle di pitit mwen ap viv lwen fanmi'l depi tout ane sa?
-L : 😭kiyès kite chanje pitit mwen an?
-M : mwen manvi konnen ki rezon ki pouse li te vle tiye Lovely a, eske'l konnen ke Lovely se manman'l epi'l deside tiye'l an revanj?
-R : non li pa konnen ke Lovely se manman'l, nou chita kalm map esplike nou tout bagay.
Raoulio te twouve'l nan obligasyon pou'l ba yo tout verite yon fason pou evite ya'l fè deklarasyon ki ka mete Clyde nan cho.
3 medam yo te chita Raoulio menm te kanpe li kwaze bwa'l pou'l te esplike yo sak pase a.
-R : depi aprè mwen te kwè ke Lovely ap bay verite ke'l probab pou yo te chanje pitit li a, mwen te deside pa ret dòmi sou sa se pou sa'm te angaje de nèg ki pou fè rechèch la pou mwen Ayiti, yo pat arive jwenn tras pitit sa yon bagay kite koz mwen pèdi espwa, men espwa'm ta pral tounen se lè yon demwazèl ki rele Yvie ta pral kontakte'm paske'l bezwen vanje kont Cotcho, ak Hannah ke nou konnen sou ti non Derline la petite li dekouvri ke'm gen lyen ak moun sa yo li mande'm èd pou fason'm mwen te deside ede'l paske'm te fache fason Cotcho antan ke papa te aksepte sipòte pitit li ki vyole demwazèl sa, enplis mwen pat padone Cotcho tou paske'l te deside pran men Ralf pou'l tounen nan fè vye zak aprè'm te fin epanye'l de vye vi sa, ebyen ede'm te vle ede demwazèl sa ta pral fè'm dekouvri pitit sa ke Lovely te pèdi lopital la.
-M : kidonk li gen yon lyen ak moun sa yo?
-R : wi li gen yon lyen ak Cotcho, Ralf e Hannah pitit Nadia a.
![](https://img.wattpad.com/cover/210843468-288-k522228.jpg)
VOUS LISEZ
Amour interdit
Romance''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...