Am💘ur interdit
#Part43
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________-Nicko : ou pat gentan gen kontwol kay la?
-Hannah : mwen gen yon IDE de zone lan men gen anpil lòt kay la san signalisation an mwen pap rive jwenn ki kay egzak... Shit nou foutue 🤦
-N, vire gad dèyè : fòk nou di Raoulio sa wi,epa se yon sèl machine ki nan do nou an?
-H : wi machine ki gen Yvie ak enkoni li an plis de nèg kap travay ak Raoulio yo.
-N : e kot Raoulio?
-H : li di lap rejwenn nou selsa'l te dim..se nou mèt devan.
Machine Hannah ye a te gen li men'm ki sou volan akote'l la gen Nicko,nan do yo a te gen Wendy.
-W : kisa nap fè si tout fwa nou pèdi kay la?
-H : map kontinye swiv zone lan ke GPS la te gide'm lan ak espwa lè'n rive na eseye mande nan antouraj la si yo pa wè yon kay ki gen moun ki parèt suspè ladan'l.
**
Desizyon Ralf te pran, li te vle rapidman tiye Clyde e Bonnie pou yo te kite espas la.
-Ralf : ou menm Gorille degaje'w fè Clyde mache vin jwenn mw avèl dèyè a kote nèg yo ap fouye tonb li an,ou menm Boukannen vini avèk Bonnie.
Ralf te sòti ak zam li kenbe nan men'l la'l tann mesye yo deyò ki gen pou vini avèk Clyde e Bonnie.
-G : ann ale mache.
Gorille te kenbe bò ponyèt Clyde ke men'l te mare nan do'l li ap avanse avèl pandan Clyde te gen difikilte pou'l mache paske pye'l te mare.
Lè Gorille fin sòti ak Clyde te gen Bonnie ak Boukannen anndan an.
-BK : mwen te promèt Clyde ke map proteje'w se pou tèt sa mwen pral fè'w sòti la pou'w al bay pitit sa lavi.
-B : mwen pap ale san Clyde non 😢.
-BK : eeyyy resezi'w ok nou tout la pap sòti la vivan jan bagay la ye a ,siw jwenn chans pou grenn ou men'm sòti vivan pa mande plis sezi okasyon sa pou bebe ki nan vant ou an.
-B : ou vle dim Clyde ap mouri?😭
-BK : mwen diw pa gen chans pou nou tout sòti vivan, obeyi ak sa'l te mande'm lan kise ede'w kite la pou yo pa tiye'w.
-B : mmmhhh.
-BK : men telefòn mwen an pran'l dènye apèl ou wè'm fè a,al sou whatsapp klike non sa fè men'm jan pou li pou'l ka vin la sa ka ba nou yon ti chans pou sove Clyde.
-B : yap gentan tiye Clyde lap two ta😢
-BK : pa siw sove ,boss la bezwen kom spektatè li vle'w wè lè lap tiye Clyde siw sove lap vle voye chache'w avan pou'l tiye Clyde lè sa li ka two ta pou li nap gen yon chans pou pote sekou ak Clyde,desizyon an ou dwe pran'l kounya siw vle sove gen yon pòt pa dèyè wap ale nan fon koulwa a vire a dwat desann mach la wap wè'm kite pòt dèyè a ouvri pou ou.
-B,pran telefòn lan : ok.
-BK : avan pran kouto sa blese'm fòk mwen gen yon rezon kifè'w sove.
-B : non non m'pap kapab.
-BK : ou oblije e fè sa rapid paske si yo wè'm pran tan pou vin avèw yap vin la lè sa lap two ta,ale fè rapid blese'm.
Bonnie te vin oblije fèmen zye'l pou'l antre kouto a sou Boukannen kite blese bò vant li.

VOUS LISEZ
Amour interdit
Romansa''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...