📖__________________________________✍🏽
Am💘ur interdit
#Part11
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________-Milly : wi se tonton'w li rele Ralf li se frè vrè papa'w li menm ak yon demwazèl te peye'm yon bon valè lajan pou'm te chanje'w ak pitit pa'm lan kite fèt menm jou avè'w.
-Clyde : 😲sa vle di boss la se tonton'm,ou konn papa'm tou ebyen...
-M : non sèl Ralf mwen konnen li pap kite'm konn papa'w paske'm te vin anvi rejwenn pitit pa'm lan, li evite'm konn twòp detay de nan men moun li ye a,nan moman sa mwen ak Nathan te nan mizè mwen te oblije aksepte lajan sa san'm pa mande'l avi'l😭yon bagay ke'm te vin regrèt kèlke ane.
-C : sa vle di mwen pap ka konn kijan vrè manman ak papa'm rele? Sim anvi wè yo nan vi'm se pap posib.
-M : sèl Ralf ki ka fè'w rejwenn yo men domaj depi'l konnen'w konn verite a lap tiye'w pou verite sa ka kache.
-C : sa vle di sim bezwen konn vrè paran'm moblije pase pa Ralf yon bagay selon ou ki pa fasil.
-M : wi li pa dwe konnen ke'w konn verite a sinon lap debarase'l avè'w.
-C : depi lè'm sot la ou pa rele'l dil sa ankò.
-M : non mwen diw deja se paske'w te fè'm peur lè'w te vini an m'te peur pou lè'w tounen ou pa tiye'm.
-C : ok esplike'm kijan antant ou te ye avèl pou'w te chanje'm ak pitit pa'w la?
-M : janm diw la mwen ak Nathan tap pase yon move moman lè'm te ansent li pat gen travay se mizè sou mizè paka manje, lè demwazèl sa ta pral aproche'm nan lopital la e ofri'm 60mil dola pou'm te chanje bb pa'm lan ak yon lòt mwen te santi'm genyen nan lotri lè sa,paske ofinal mwen pap pèdi anyen map toujou gen yon bb plis 60mil dola pou mari'm ouvri yon gwo depo konstriksyon, mwen te aksepte ba'l bb pa'm lan pou'l ta'l chanje ak pa yon lòt manman e bb sa sete ou.
-C : ou pa konn non demwazèl sa? Kidonk se pat ak Ralf ou te fè kou a avan?
-M : li te rele Nédjy, non sete avèl men li te reprezante Ralf se te kou yo de a lè sa Ralf te nan prizon avan men'm ke'l te depòte vin isi, 60mil dola te sot nan pòch li, li gen anpil relasyon genlè manman'l te gen anpil kòb.
-C : ou pa konn poukisa yo te retire'm nan men vrè manman'm?
-M : se pou yo te vanje Nédjy te vle vanje kont manman'w mwen pa konn poukisa, Ralf li menm li te di ke'l bezwen'w a l'avni li te toujou kwè ke'w ka menmjan ak gran papa'w ke'l pa janm banm non'l, li di siw pran kapasite gran papa'w ke papa'w pat pran wap ka itil li yon jou, e'm kwè se pou sa lap itilize'w la.
-C : men ou konn anpil bagay wi sak fè yo kite'w vivan toujou?
-M : ak moun sa yo mwen vin santi lavi'm pa asire jis kounya yo wè'm pa yon menas pou yo men nenpòt lè Rlaf ka voye tiye'm.
-C : mwen pap kite sa rive.
-M : sil deside fè sa ou pap ka anpeche'l sèlsi'w ta vle kite vi pa'w tou.
-C : yon kesyon avan'm ale eske'w pat janm renmen'm? eske se paske'w konnen'm pat pitit ou kifè'w te anpeche Nathan fè anpil bagay li te vle fè pou mwen?
-M : pou sense avèw mwen te aprann renmen'w paske'm te leve'w menm pat janm renmen'w tankou pitit mwen, wi se pou sa'm te anpeche'l fè kèk bagay pou ou mwen te vin jalou pou jan lap ba'w love, ba'w sa'w bezwen pandan nan lespri'm map di eske vrè pitit pa'm lan te jwenn lanmou sa yo tou.

VOUS LISEZ
Amour interdit
Romansa''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...