📖__________________________________✍🏽Am💘ur interdit
#Part21
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________-Raoulio : map prezante'w Nadia.
-R : manman.
Youn te kouri al anbrase lòt aprè 3ans Nadia ta pral kapab kenbe nan bra'l timoun sa ke'l te kite, ki vin yon jèn fille kounya.
Dlo te pran koule nan zye Nadia 😭gen rezon pou'l kriye kite yon pitit a 3ans nan men yon papa aprè 22ans se lè sa wap kenbe timoun sa nan bra'w gen rezon pou'w kriye, pou moun ki li ''Never say never'' nou raple nou ke Nadia pat wè grandi Derline tou men avèk Hannah ou encore Derline la p'tite se menm bagay la.
Lè Rebelle te santi manman'l pa kriye li te retire tèt li sou epòl li yon fason pou'l te gzde'l nan zye, pandan lap pase men'l pou seche dlo nan zye'l.
-R : pa kriye manman mwen konnen se pa fòt ou Wadno esplike'm tout bagay.
-N : siw rayi'm wap gen rezon.
-R : non ou se manman'm deja mwen paka rayi'w se vre mwen te an kolè kont ou avan Wadno te esplike'm tout bagay mwen te panse se akoz papa'm te twonpe'w jis li arive gen pitit sou a kifè'w te abandone'm, mwen pat janm konnen si se nan prizon'w te ye.
Wi mezanmi Nadia te pran prizon Etazini aprè'l te fin an kolè kont Cotcho paske misye vle tounen nan move zafè ak Ralf, Nadia te fache li kite Ayiti li al Etazini men se pat nan lide pou'l abandonne konsa, li te jis vle bay Cotcho yon les on ebyen rive lòtbò a yo te arete'l pou lanmò Similien nou tout konnen kise papa Lovely...nou pral di ekwè dosye sa te kloz Raoulio te men'm pran prizon pou li e lave de tout soupson ebyen Etazini anyen pa janm kloz il sifi yo jwenn yon nouvo prèv, se konsa Gaspard kise tonton Lovely kite jire pou vanje lanmò frè'l la te deside fè Nadia kondane a 20ans prizon.
Flash back...
-Raoulio : twòp pale anpil manvi tiye'l pou'n fini ak sa epi'n sòti.
-Nadia, dan di : ok ann ale ansanm.
Raoulio te rale zam pa'l la, Nadia te Rale pal, yo tou de te pwente zam yo sou Similien.
-N : go!
💥💥💥💥💥💥💥💥yo te gaspiye Similien atè a anba katouch Cotcho menm te kanpe ap swiv, lè Nadia fini se lè sa li te pran kriye lanmò Paola😭.
-Nadia : 😭😭mwen pap wè sè'm nan ankò non, li kite'm pou kont mwen wi, nou te fèt ansanm nou pataje 9mois nan vant ansanm, nou grandi ansanm, nou fêté menm lè, nou te gen anpil pwen konun poukisa sa te ekri pou youn mouri avan lòt.
-Cotcho : ou fè sa pou'w te fè a kounya nan'm li ap repoze anpè.
-N :😭😭 non mwen poko finiii 💥💥💥(pran tire sou Similien atè a toujou).
-C, pran zam lan nan men'l : non Nadia li mouri deja.
Nadia te pran kriye.
-N : 😭😈mwen rayi'w Similien.
-C : vinii.
Cotcho te anbrase'l men sa pat apeche'l vide dlo sou epòl Cotcho toujou.
-R : ede'l pou'l sòti nou paka rete kanpe anndan plis toujou.
![](https://img.wattpad.com/cover/210843468-288-k522228.jpg)
VOUS LISEZ
Amour interdit
Romance''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...