Am💘ur interdit
#Part44
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________-B : nonnn Clyde se yon pyè...j
Li pat men'm fin pale Ralf te sèvi Clyde yon kout bwa dèyè tèt li tonbe, yon dezyèm nèg aprè Ralf te parèt nan do Hannah li pwente zam li bò tèt li.
-Bandi : jete zam ou an.
Yo te pran nan pyèj ke Ralf te prepare pou yo kap vini an, Bonnie tap kriye lè'l wè Clyde ap bouje atè a san'l paka leve, adjeee jounen sa te fè Bonnie vèse dlo anpil pandan'l poko menm vèse dlo pou papa'l ki mouri a. Mmmhhh.
-R : mwen te konnen nap vini gras ak telefòn lan mwen jwenn sou Bonnie, mwen te prepare pou resevwa nou tou, ale leve siw santi'w gason vre.
-C :....
-R : li genlè pap leve non sa'w wè?
Li te adresse ak youn nan bandi ke Boukannen te rekrite pou li,ki pat mouri nan moman staff Raoulio a te atake lòtbò a paske misye pat avèk yo dèyè kote yo tap foure tou pou tiye Clyde la, li te jete'l lè mesye dam yo te atake lòtbò a.
-Bandi : rire 😃...e li men'm patron sa pou'm fè avèl?
-R : ou mèt sòti al tiye'l pou'w pa sal la, debarase'w de kò a.
-B : dakò, ale mache.
Li te pouse do Hannah pou'l mache pou'l sòti al tiye'l deyò a, Hannah kite gentan konnen Yvie te ret kanpe deyò a pandan lap monte mach la li te pale pou mete Yvie sou men'l.
-H : ou panse tiye'm ap solisyon ak problèm patron'w antrene'w ladan'l lan?
-B : mache mwen pa bezwen tande sa wap dim lan la mwen gen lòd pou tiye'w mwen pral tiye'w.
Yvie te gentan tande sa li kache pou misye pa wè'l lè lap monte a, rive nan lakou a Yvie te fin sòti nan do yo.
-Y : eeeyy psiiittt.
Misye te vire pou gade, se la Yvie ta pral desann li ak de bal. 💥💥Pang! Pang!
-H : 😃yes byen jwe.
-Y : kot Clyde?
-H : li anba ak Ralf, li an danje ann al pote'l sekou.
Medam yo te kouri desann pou ya'l pote men fò ak Clyde.
-R : ou tande bri bal yo? Sa vle di Hannah mouri kounya se kou pa'w.
Li te pouse Clyde yon kout pye anba vant pandan'l atè a.
-C : hmmmm.
Li te pwente zam lan sou li atè a pou'l tire'l, moman sa medam yo te vin parèt Yvie te pwente zam pa'l la sou li.
-Y : depoze zam ou an Ralf.
Lè Ralf vini pou'l vire gade, Clyde kite atè a te profite de moman sa kote atansyon Ralf te detounen sou li atè a pou'l te baleye misye, li te tonbe, zam nan men'l lan te tonbe.
Clyde te pran fòs li leve atè pandan Ralf li men'm tap ranpe atè a pou'l avanse ak pran zam li an, Clyde te kouri anvanse pran zam kite sou li a kite tonbe atè a lè'l te resevwa kout bwa a...li te sèvi Ralf yo bal nan pye pou stope'l.
💥Pang!!
-R : aaaaah shit!
Clyde te avanse li choute zam lan lwen'l ke'l te kontinye ap eseye avanse pou'l pran aprè'l fin pran bal la.
![](https://img.wattpad.com/cover/210843468-288-k522228.jpg)
VOUS LISEZ
Amour interdit
Romance''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...