Part 31

17 2 0
                                    

                 Am💘ur interdit

                         #Part31

#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/

#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________

-Clyde,souri :  mwen te toujou kwè ke'w tap vini, e dirije evazyon sa jann te planifye'l la.

-Bonnie : wi ou konnen'm pa tap pa vini.

Si nap eseye konprann pawòl Bonnie an ki di ''wi ou konnen'm pa tap pa vini'' dèyè'l kache yon gran ''certitude'' ki vin tounen yon mistè, yon mistè ke nap gen pou dekouvri pandan trajè epizòd sa, si'l reponn konsa se paske'l gen rezon pou sa nou pral gen pou dekouvri ansanm kote rezon sa kache.

-Clyde, aayyy : kote Zoe?

-Bonnie : se li kap kondwi, ret kouche non.

-C : non mwen ok wi nèg yo senpleman banm kèlke kou ki pa grav se mwen kite mete'm mal nan yon pwen pou konvenk gadyen yo pou pèmèt yo patisipe nan jwèt la, men apre sa mwen ok.

Fason ambulance lan fèt la chofè a pat gen aksè ak dèyè a, lè Clyde vire li pa wè Zoe li te mande pou li, men sak dwe atire atansyon anpil nan nou se kote Bonnie enkyè pou Clyde kap leve pandan'l ap plenyen ak doulè a, si fanm lan sansib pou ou sa vle di lanmou an la toujou li ka pa anpil menmjan ak avan, men aprann ke yon ti etensèl sifi pou met yon gwo dife sitou siw pran soufle dife sa... Yon bagay ki klè nan lanmo,  rnmen yon moun fasil men bliye moun sa pa fasil, ou ka kwaze'l sou chemen'w ou renmen'l yon bon maten,boom ou vin damou pa panse menm jan ou te leve yon bon maten ou kwaze'l sou chemen'w ou rnmen'l lan se pa menm fason sa wap leve yon bon maten ou bliye'l, li ka kite avèw li rayi'w aprè yon bagay mal ou fè'l li detache'l de ou men pa ret kwè ke'l detache'l de lanmou sa fasil konsa... Konsèy pa'm pou ou nan relasyon bat pou se moun lan ou fè mal men se pa lanmou an ou fè mal, paske si se moun lan ou fè mal lanmou an toujou la ak nenpòt ti efò ou fè pou lanmou ka toujou jayi.

-C : e 2 nèg sa yo?  Pa dim se polisye tout bon ou te mande papa'w non? A mwenske yo ta koronpu.

-B : non yon pa vrè polisye papa'm te senpleman aksepte ba nou abiman pou sa.

-C : kiyès yo ye ebyen?

-Hannah : nouvo.

-C : kote'n jwenn nouvo sa yo? Se pa konsa pou'n antre etranje pami nou, jis nou fè yo konfyans pou patisipe ak yon evazyon ankò, sa vle di ti nou menm lan sa pat sifi?

-H : poukisa'w pa repoze'w sispann poze kesyon li tap pi bon?

-C : men fòk mwen poze kesyon map raple'w plan sa se mwen kite elabore'l mwen pat enklu 2 etranje landan'l, ni tou'm pat konn si ou avèl fè alyans kounya, gen rezon pou'm poze kesyon.

Li te voye zye'l gad Yvie, li an pat lòt moun ke Yvie.

-H : ok misye se Wadno avèl gen patnè sa mwen pa konn non'l men sèl sa'm ka diw pa gen pou panike koz yon lwayal, lè'w rive wap jwenn tout esplikasyon ke'w vle.

-C : mmmhhh.

-H, bougonnen : apèn sot nan prizon li gentan ap pran dwa dirijan'l.

-C : dezole si kesyon'm yo deranje'w Rebelle olye pou remèsye'w se kesyon  map poze'w, men konprann mwen tou.

-H : non deranje'm poukisa?  Sa pa etone'm quand il s'agit de toi.

-C : plan toujou rete menm Bonnie?

-B : à propos?

-C : manvi konnen kote'n pral la paske se ou kite gen pou mennen plan deyò a moblije mande'w eske'w te élabore'l pa rapò ak fason nou te pale a?

Amour interdit Où les histoires vivent. Découvrez maintenant