📖__________________________________✍🏽
Am💘ur interdit
#Part16
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________Avan'w li tag yon zanmi'w fè'l wè pati sa lage.
Ralf : kisa?
Youn nan Gard yo te pouse Clyde yon kout pwen anba vant li tonbe atè a li pran tòde.
-Gard : ki dwa'w pou di patron an pa gen dwa sa, aayy nou pral sèvi avèw.
Pandan Clyde te atè youn te leve'l kanpe epi lòt la te bal yon lòt kout pwen ankò li lage'l pou'l tonbe atè a, pou'l fon ti tòde...lòt la te vini pou leve'l ankò.
-Clyde : mmhhh se pa konsa'm tap dil non.
-Ralf : fon ti kite'l ba'l esplike kijan'l tap dil, ale map koute'w.
-C : nan sans mwen diw pa gen dwa a, se paske se pou li spécial mwen te fè kou sa se pou'm te ka fè'l kado a an echanj lwayote'l avèk nou, staff la vin benefisye de kou sa akoz de li sinon mwen pa tap presipite al fè kou sa konsa, dabitud mwen konn pran plis tan pou'm etidye kou yo.
-R : se sak fè'w dim pa gen dwa?
-C : mwen pat vle dil nan yon ton ki pou frase'w se jis mwen te wè'l ap lèd pou'l bay tout li menm pou kou sa reyisi epi sèl kado li sòti ki vini de reyisit kou a pou'm pral pran'l nan men'l.
-R : men daprè jan yo dekri'm kolye a li vann chè anpil wi pou'm aksepte kite'l pou yon sèl moun.
-C : ok pati pa'm lan mwen renonse avèl deja li menm tou li pat bezwen kòb la, nan zye'l li te vle jis anvi viv yon aventure ke'l konn gad nan film se tout sak te motive'l pou kou sa, mwen pa kwè gen moun ki pèdi la non.
-R : wè jan'w chache yon bèl antant, ale mete'l kanpe mesye.
Gard yo te mete Clyde kanpe, Ralf te avanse sou li lap ranje rad la sou li.
-R : dezole si'm gentan kite nèg yo frape'w se pou'w konprann isi a moun pa dwe manke'm dega.
-C, nan dan : mwen pat gen sa nan entansyon'm.
-R : ok kidonk ou ap sòti a 0 nan kou sa mwen santi se yon bèl jès kanmèm sinon mwen tap oblije pran kolye a pou'n pataje 50/50 lan nòmalman.
-C :....
-R : ou ka ale wi, mache konklu.
Clyde te vire pou'l ale.
-R : Clyde mwen bliye diw yon bagay.
-C : kisa?
-R : voye Bonnie pou mwen paske papa'l anvi pale avèl.
-C : ok.
Clyde te monte li kite Rald anba ak 2 chen gard li yo.
-Gard : patron ou panse nap ka kontinye fè'l konfyans?
-R : non pa enkyete'w pou kounya se sèl mwen li genyen li pap rebele kont mwen fasil konsa, anplis mwen te atann ak ti replik sa yo de li okontrè sa prouve'm plis ke'l pran kot gran papa'l, map gen bezwen'l pou anpil bagay.
-G : ou pa panse jou'l revolte lap yon danje pou ou?
-R : wi pa gen dout nan sa se vre mwen renmen kalite li pran kot gran papa'l, men tou fòk mwen aksepte sil deside leve kont mwen lap difisil pou'm fè fas avèl, men pa enkyete'w sa pap gentan rive la map gentan itilize'l pou'l fè'm fè anpil kòb epi'm tiye'l.
![](https://img.wattpad.com/cover/210843468-288-k522228.jpg)
VOUS LISEZ
Amour interdit
Romance''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...