Am💘ur interdit
#Part30
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________-Ralf : 😲se ou ki dèyè tout bagay sa papa?
Lebon : 😲
-Zoe : 😲
Mwen te imajine etoneman sou vizaj Lebon ak Zoe sa te montre'm ke yo pat konn anyen lè'm gade Rebelle rapidman mwen te remake li pat gen etoneman kidonk li te konnen tankou'm,mwen te rapidman tire yon konklizyon ke Lebon ak Zoe pa vrèman konn sak kap pase a men Rebelle wi,kidonk se li ki gen lyen ak gran papa Clyde la.
Raoulio te rete ap gade'l ak min li mare, se lè sa'm te reyalize ke Ralf pè yon moun tankou papa'l, e si Ralf pè papa'l jan'l te di papa'm lan genlè'l pi danje ke Ralf.
-Ralf : nou trèt mwen pou'n vire nan klan papa'm.
Yo youn pat okipe'l, li te vire zye'l gade'm.
-Ralf : kot Clyde li rejwenn ou tou? surement li konn verite a.
Mmhhh li poko konnen si Clyde nan prizon.
-Ralf : kijan nap gade'm konsa se pou Clyde mwen mande wi, li pa gen kè pou'l gade'm menmjan avèk nou pou'l gade'm anfas aprè'l fin vòlè kou li ta'l fè a li kenbe pou li epi'l fè nou chanje klan.
-R : anh se Clyde ou tap tann kifè nou jwenn ou lòtbò a?
Rebelle te reponn pou di : ou pa konn si kou a te mal pase yo arete Clyde?
-Ralf : kijan yo fè arete'l?
Rebelle te fè yon ti kout zye sou mwen epi'l mare min li.
-R : twòp detay mwen pa fè yo vin avèw la pou ba'w esplikasyon kijan Clyde fè arete, mete'l sou chèz la Wadno epi mare'l.
Wadno te akonpanye ak yon lòt mesye ya'l mete'l chita sou chèz mwen te ye a pou yo mare'l.
-Ralf : sa'w konte fè avèm papa? Ou konnen byen ou paka kenbe'm tout vi'w la.
-R : 😡....
-Ralf : mwen konnen byen ke'w pap tiye'm paske'm se pitit ou.
-R : 😡siw wè sa mwen pa konsidere'w tankou pitit mwen.
-Ralf : menmsi'm te anvi kwè'w, mwen konnen malgretou ou pap tiye'm, paske Yavoo pa tap janm padone'w lè'l aprann ke'w fè tiye frè'l.
Kijan fè tande non sa fè dim yon bagay? Yavoo Yavoo... Mwen te pran repase nan lespri'm ki premye fwa mwen tande non sa.
Flash back...
-Moi : epou non sa ou di dam lan te site lè'l wè'w la?
-Clyde : Yavoo an?
-Moi : wi kisa'w panse de li?
-Clyde : mwen pa panse anyen de li non sa ka rive li te konfond mwen ak yon moun li rekonèt.
-Moi : sim ou mwen tap eseye konn plis de non sa wi, paske sa dwòl pou'l wè'w epi se non sa li site,paske'm anvi konnen vrè rezon kifè boss la te voye nou nan kay sa san'l pa ba nou yon esplikasyon valab la.
-Clyde : mwen wè sa'w di a wi men sa ki pi preokipe lespri'm se paske'l ta pral fè'm tiye yon inosant pou granmesi,lè'm gad vizaj dam lan mwen wè se yon inonsant li ye. (Part 14)...

VOUS LISEZ
Amour interdit
Storie d'amore''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...