📖__________________________________✍🏽Am💘ur interdit
#Part22
#Instagram : yavoostories
https://www.instagram.com/yavoostories/#Facebook : Yavoo Stories
https://m.facebook.com/yavoostories/
_______________________________________Mwen eskize'm devan moun kite pataje epizòd avan depi lè'm te lage'l la, men kite soufri akoz anpil lòt pat fè'l vrè fan mwen yo m'konnen nou e se pou nou mwen fè sakrifis ekri pou fè nou viv istwa sa, men fòk nou konnen tou sakrifis yo gen yon pri mwen pa fè sa pou lajan men pou plezi,pri a se ede'm pataje mwen twouve sa raz tou lè yon moun ap li poutan li pa vle like, kòmante oubyen pataje, poutan'm sa pap mande yo anpil tan... Mwen swete nou pataje pati sa byen rapid si nap tann swit la spesyalman ak moun ki pa gen volonte yo, toujou 1000pataj.
-Wood : pou'w vin siyen papye a.
-Birkhoff : non pou repanse bagay yo ak Yavoo paske si'l bal Nédjy papye sa yo siyen li ofri'l anpil aksè nan antrepriz la li ka menm ranvèse'l li pran plas li a, pa mechante li ka tou mete fanmi an deyò nan antrepriz la sil gen move entansyon.
Wood te sezi paske'l pat panse ak tout bagay sa yo, men Yavoo ki gentan remèt Nédjy document yo siyen.
-W : ou panse'l gen ide sa papa?
-B : mwen pa konn sa ki nan tèt li mwen paka kouri di ke'l genyen'l, men pou evite pran riske la nou paka siyen dokiman sa ba li.
-W : mwen kwè Yavoo gentan remèt li katab la siyen wi, banm al pale ak misye pou'l pran'l nan men'l.
-B : non pa al dil anyen map vin regle sa pito.
-W : fè rapid wi papa.
-B : wi mwen pral rele Raoulio pou'm mete'l okouran de sitiyasyon an epi map pran vol pou new York.
Birkhoff pat fè lòt bagay ke di Raoulio sa paske yon jan de sekrè konsa li paka fè frè'l li, menmsi'l konnen Raoulio Ayiti li pap ka fè gran choz men li te vle mete'l okouran kanmèm.
**
🛫🇭🇹
Aprè Clyde te fin sòti men nan men ak Bonnie, Lebon ak Zoe te sòti tou yo kite Gorille ak sista'l.
-Gorille : eske'w wè Rebelle.
-R : wè kisa?
-G : wè mwen te eseye yon fason pou'm viv ak misye malgre'm pa bliye sa'l te fè Pikan an wè kareman lap defye'm.
-R : mwen pa wè'l diw anyen ki mal la non, li senpleman ba'w verite, eske'w konnen depi lontan ou te gen tèt yon leader?
-G : sak tiye'm lan wap pran pou li olye'w pran pou mwen ki se frè'w.
-R : siw vle 'm pran pou ou kòmanse pa konpòte'w tankou yon leader, si vre ou vle parèt nan zye yo, tankou moun kap raplase papa'm la fòk ou pa aji tankou yon maryonèt, lè sa wap fè prèv ke'w ka yon leader tankou Clyde.
Mo sa te fò pou Gorille sa te lage'l nan yon refleksyon, li te voye zye'l gad papa'l.
-G : e ou papa epa'w silans.
-Cotcho : mwen paka di gran choz non se moman pa'w pou fè prèv ke'w se yon leader,mwen panse ke sè'w gen rezon.
**
Lebon ak Zoe te dirije yo dwat kot Bonnie e Clyde kite chita sou yon bout mi nan lakou a.
-Lebon : mwen renmen leson ou bay misye a wi freo.

VOUS LISEZ
Amour interdit
Romansa''Amour interdit'' se yon istwa kreyòl ki pral montre'w konplisite de moun ki renmen pou fè bagay ki ilegal, pi gwo konplis yon nèg se fanm ki nan vi'l la benh wi se sa, ebyen nou pral dekouvri nan istwa sa ke li posib pou yon jèn fi ki sot nan yon...